Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Multimaj Entertainment fete 7 lane egzistans li ak timoun nan lari yo

Multimaj Entertainment fete 7 lane egzistans li ak timoun nan lari yo

29 desanm 2020 an fè Multimaj Entertainment 7 lane depi y ap pwodui nan sektè sinema a. Nan okazyon sa, lavèy fèt la ki te 28 desanm, PDG enstitisyon sa, Vladimir Jolicoeur te deside fete ak timoun ki twouve yo nan sitiyasyon vilnerab bò lari a nan zòn Karavèl ak Channmas.

Multimaj Entertainment fete 7 lane egzistans li ak timoun nan lari yo

Nan ti pale nou te fè ak mesye Jolicoeur, li fè konnen ekip pwodiksyon sa bay manje ak 150 timoun epi ba yo rad pandan peryòd fèt fen dane a

“Nou te di tèt nou ane a te difisil, li pa t fasil pou pèsòn… Pou sa nou te deside fete 2 jou: 28 ak 29 desanm. 28 desanm nou te konsakre li pou moun ki pa genyen yo… Nou bay pratikman 150 pla cho avèk timoun nou bay moun rad prèske 800 a mil rad”.

Pi lwen, reyalizatè feyton Annie an fè konnen jès sa vle di anpil pou li ak Multimaj paske selon sa l di li te vle pi pwòch moun ki pa genyen yo.

Nan diskou sikonstans lan pou make 7 tan pwodiksyon an, Vladimir Jolicoeur remèsye BonDye ki antoure yo epi pèmèt konpayi sa grandi. Li te tou pwofite voye remèsiman bay aktè yo, estaf la ak konsomatè yo san l pa t bliye sipòtè yo.

Multimaj Entertainment fete 7 lane egzistans li ak timoun nan lari yo

“N ap remèsye Dye ak tout sa k antoure nou yo. Mèsi ak estaf konpayi sa, ak diferan aktè nou yo atravè peyi a. Mèsi ak konsomatè yo, ak tout moun ki fè nou konfyans. Mèsi ak sipòtè yo ki toujou motive nou”.

N ap raple w Multimaj Entertainment kreye 29 desanm 2013, ekip la reyalize 3 fim deja, pami yo “Entre Vie et Trépas”, resamman ekip la lage yon feyton sou paj YouTube yo ki pote non “Annie”.

Dekouvri plis:

OCCED’H lanse pwojè apui sikososyal pou timoun ba Dèlma

Plus de contenu

Actualités

Lansman ofisyèl pwojè pwoteksyon apui sikososyal a timoun vilnerab ba Dèlma yo fèt pa l’Organisation des Coeurs pour le Changement des Enfants Démunis d’Haïti...

Actualités

La Fondation Digicel a distribué des jouets à près de 2000 enfants dans tout le pays. Port-au-Prince , Haïti .- La Fondation Digicel informe...