Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Nèg ak zam nan Bèlè atake Solino

Violence armée : Solino subit actuellement le même sort que Carrefour-Feuilles

Nèg ak zam nan Bèlè atake katye Solino pou kounya.

Yon lòt fwa ankò moun nan katye Solino ap sibi tankou moun nan Kafoufèy vyolans nèg ak zam ki soti nan Bèlè. Jedi sa menm li te vè 1è lè moun tande kout zam ki t ap chante ki bay gwo laperèz. Fas ak sitiyasyon sa, plizyè moun nan deside kouri kite kay yo.

“Zòn lan atake. Lagè a rekòmanse. Nèg yo met dife”, se sa yon abitan zòn Solino voye nan yon mesaj bay yon zanmi.

Pil kout zam k ap chante yo fòse sitwayen yo mete yo an kachèt. “Sa fè yon 1 èd tan m ap tande yo. Mwen pè pou mwen ak pou lòt moun. Mwen rantre lakay mwen pou evite kout bal mawon”, deklarasyon yon manman pitit k ap viv Avni Poupla.

Selon premye enfòmasyon k ap sikile yo, asayan yo kòmanse boule kay nan Riyèl Anglad, yon katye nan Solino. Kèk videyo amatè k ap sikile sou rezo sosyal yo montre dife k ap pwopaje.

Pa twò lontan katye Kafoufèy te konnen menm moman difisil yo. Kriminèl Gran Ravin yo anvayi zòn sa, ki lakoz anpil fanmi abandone kay yo pou ale pran refij lòt kote.

Zòn Solino sibi atak ame pou yon dezyèm fwa pou ane a. Mwa mas pase nèg Bèlè te eseye pran zòn lan, yo te boule ak tiye malgre yo te jwenn rezistans.

Violence armée : Solino subit actuellement le même sort que Carrefour-Feuilles

Dekouvri plis:

Violence armée : Solino subit actuellement le même sort que Carrefour-Feuilles

Le Premier ministre Ariel Henry a visité la Direction Générale de la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Actualités

Violence armée: Solino attaqué cet après-midi par des hommes armés de Bel-Air. Une nouvelle fois, les résidents du quartier de Solino ont été pris...

Insécurité

Port-au-Prince: les groupes armés continuent d’étendre leurs tentacules et se battent entre eux pour le contrôle du quartier de Solino. Jour après jour, les...