Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Nèg ak zam tiye antreprenè Patrick Thébaud sou wout Kanapevè

Tuerie, balle , Décès

Fanmi Thébaud an dèy, antreprenè Patrick Thébaud mouri jodi lendi 12 avril la nan zòn Kanapevè, Ri Martin, pi ba Tag Market.

Daprè dènye enfòmasyon yo, Patrick Thébaud ta resevwa plizyè katouch pandan l te twouve l pou kont li anndan yon machin Lexus blan plak BB-72312.

Sou imaj yo, nou kapab remake apil  enpa bal bò vit chofè a epi vit la sanse dekole tankou te gen forcing pou eseye kraze vit la. Nan menm videyo yo, kawotchou machin lan plat tou.

Patrick Thébaud mouri ak yon chemiz manch long epi yon jeans, yo kouvri vizaj li ak yon mayo.

Apre zak sa, polisye nan komisarya Pòtoprens te rive sou plas ak jij de pè pou konsta. Jij de pè a ke yo rele James pa t vle pale ak laprès apre konsta yo te jis konfime idantite viktim lan epi fè konnen viktim lan te pou kò l nan machin lan.

Fanmi Patrick Thébaud te rive sou plas tou. Pou kounya, nou pa an mezi di si se yon tantativ kidnapin paske okenn enfòmasyon pa vrèman sikile sou sa ki pase a.

Dekouvri plis:

Restitution par le CCI des rapports des travaux sur l’avant-projet de la nouvelle constitution

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

L’ancien député de Carrefour, Elie Blaise a été assassiné chez lui à Mahotière 75 prolongée. L’ancien député de Carrefour et l’ancien directeur général de...

Nécrologie

Kirshnik Khari Ball moun konnen sou non Takeoff mouri aprè l fin resevwa bal pandan l t ap jwe “dés”. Kirshnik Khari Ball moun...

Monde

Le procureur antidrogue du Paraguay, Marcelo Pecci, marié le 30 avril a été tué, durant sa lune de miel en Colombie Le procureur du...

Éphéméride

Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 16 Novembre 2021 l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement de la mémoire....