Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Pandan yon adorasyon an dirèk sou Facebook, endividi rantre epi kidnape pastè legliz la

Pandan yon adorasyon an dirèk sou Facebook, endividi rantre epi kidnape pastè legliz la

Nan yon videyo k ap sikile aprèmidi a sou rezo sosyal yo montre endividi ki rantre sou chè yon legliz kidnape yon pastè ak 2 lòt fidèl legliz sa ki t ap chante adorasyon pou Bondye.

Daprè dènye enfo yo ke jounalis Karayib FM lan, Luckson Saint-Vil, konfime sou paj li, aksyon sa pase nan legliz Galaad, ki twouve l nan Dikini. Non pastè a se Audalus Estimé epi Welmyr Jean Pierre yo kidnape tou ki se mayestwo gwoup Gospel Kreyòl.

Anndan videyo sa nou kapab wè pastè a ak 2 fidèl ki t ap chante, touswit aprè vin gen yon enkyetid, pastè ak 2 fidèl yo t ap chache abrite yo epi yon endividi ame monte chè a, rale pastè a ak 2 fidèl legliz la li ale ak yo.

Aksyon sa pase pandan legliz la te live, apre aksyon an kamera ki te live te rete ouvè epi fikse chè legliz la kote sèn lan t ap dewoule a.

Dekouvri plis:

Sektè Demokratik la fikse pozisyon l sou koze eleksyon Depatman Deta ap klewonnen an

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Haïti : 83 cas de kidnapping recensés en juillet 2023 par le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH). Le Centre...

Insécurité

Kidnapping: l’état de santé de la journaliste Blondine Tanis se dégrade, Denel Sainton appelle à sa libération. Le journaliste de la RTVC, Denel Sainton,...

Actualités

La Solidarité des Femmes Haïtiennes Journalistes (SOFEHJ) demande la libération de la journaliste Blondine Tanis. À travers une note de presse en date du...

Sécurité

Haïti : le CARDH a recensé 150 cas d’enlèvements entre avril et juin 2023, soit une baisse de 61, 4% La République d’Haïti a...