Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Sektè Demokratik la fikse pozisyon l sou koze eleksyon Depatman Deta ap klewonnen an

Sektè Demokratik la fikse pozisyon l sou koze eleksyon Depatman Deta ap klewonnen an

Nan yon nòt ki soti 1e avril la epi ki pote siyati Marjory Michel, Ricard Pierre ak André Michel, Sektè Demokratik ak Popilè bay dizon l sou koze eleksyon Depatman Deta Ameriken ap pale a.

Nan koumansman nòt sa, Sektè Demokratik la di l sezi tande otorite nan Depatman Deta ki kontinye ap pale yon koze eleksyon pou peyi Dayiti san li pa rann kont Jovenel Moïse se pi gwo obstak sou chimen eleksyon an.

Pou kore sa yo di nan dewoulman nòt sa, opozan anndan sektè a bay 5 rezon daprè yo ki fè eleksyon p ap posib.

Premye rezon an, yo raple ak Depatman Deta manda Jovenel Moïse bout depi 7 fevriye a. Yo rale yon dezyèm rezon pou di pouvwa an plas la nan tete lang ak gwoup G9 ki kontwole peyi a pou PHTK pandan yo tou souliye lapolis fè bèk atè devan gwoup G9 sa yo ke yo di k ap travay pou pouvwa a.

Twazyèm rezon sektè a se konsèy elektoral la yo di ki gen 8 manm PHTK epi yon mouri . 4e rezon, yo estime majorite moun pa gen kat elektoral epi dènye rezon an sektè a fè konnen tout òganizasyon politik ak sosyete sivil getan pran pozisyon yo pou di eleksyon pa posib nan kondisyon sa yo.

Sektè Demokratik la fè konnen moman an rive pou kominote entènasyonal la konprann nesesite pou travay ak tout demokrat anndan peyi a pou òganize bon jan eleksyon sa.

Pi ba nòt sa, sektè a di li pa nan eleksyon ak Jovenel Moïse , li pa nan negosiyasyon ak li sou koze konstitisyon, li pa nan kowabitasyon ak li tou.

Sektè Demokratik la mande ak popilasyon an touse ponyèt li, mete kanson ak jip li nan tay li pou dechouke Jovenel Moïse sou pouvwa.

Dekouvri plis:

Flash: Anpil katouch ap tire nan Katye Bèlè aktyèlman

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Immigration

Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman ayisyen yo. Depi dimanch pase a, otorite nan peyi Etazini koumanse...

Aktyalite AN KREYÒL

Sektè Demokratik la mande popilasyon an kanpe bò kote polisye yo jouk yo rive jwenn kadav ajan bandi yo te asasinen Vilaj dedye yo....