Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pati “Bouclier”mande pou fineray Jovenel Moïse ta repòte akoz ankèt la ki poko fini

Haiti: Les funérailles de Jovenel Moïse auront lieu le 23 juillet 
Getting your Trinity Audio player ready...

Pati politik Bouclier mande pou fineray ansyen prezidan Jovenel Moïse ta repòte akoz ankèt la ki poko fini

Arios Jean Charles ki t ap pale ak redaksyon Juno7 la nan non pati politik Bouclier mande ak fanmi prezidansyèl la epi gouvènman an pou repòte fineray Jovenel Moïse pou tann ankèt la rive nan bout li .

Pou Arios Jean-Charles, pòt pawòl pati "Bouclier", se livre yo livre Jovenel Moïse

Swè sa pou Bouclier se paske pou yo ankèt la poko abouti, otè krim sa yo ap sikile se nan sans sa Arios Jean Charles ki se vis prezidan ak pòt pawòl Bouclier a mande pou repòte fineray la.

“Nou mande madanm lan ki gen anpil kouraj, n ap mande l souple ansanm ak gouvènman an pou repòte fineray prezidan Jovenel Moïse”, deklarasyon Arios Jean Charles.

Dirijan Bouclier a kwè ke fineray Jovenel Moïse poko ka fèt pandan ke asasen yo ap banbile nan vil la. “Asasen ekonomik, asasen entèlektyèl, asasen fizik, yo toujou nan vil la, yo poko arete, yo poko dèyè bawo”, daprè sa Arios Jean Charles souliye nan mesaj li a.

Pou Bouclier, ankèt la dwe fini avan fineray la fèt. Arios Jean Charles mande kite kò a nan mòg pou jistan ankèt fini paske li estime Jovenel Moïse mouri pi lèd ke Dessalinnes.

Pou l fini, li mande kominote entènasyonal la espesyalman Nasyon Zini pou monte yon komite ankèt pou fè limyè sou zak asasinay sa.

Kò Jovenel Moïse twouve aktyèlman nan Okap, se la fineray li ap chante vandredi 23 jiyè k ap vini la. Fanmi li deside pran an chaj fineray sa kote yo anonse yo pa bezwen èd trezò piblik pou sa.

Dekouvri plis:

Léon Charles a inauguré les locaux de la DDO 2 situés sur la route de Clercine à Tabarre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... “Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 23 juillet 2023....

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Le parti Patriyòt Natif Natal (PNN) de Ignace Saint-Fleur annonce son retrait de la plateforme politique Bouclier. Le...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Séisme du 14 août : Le parti politique Bouclier pleure le départ de Laurent Batista et Gabriel Fortuné....

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Edwin Daniel Zenny fè Souffrant Borne kado 50 mil goud pou aksyon li poze nan fineray prezidan Jovenel...