Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Pati politik ASE pwopoze twa pwen li kwè ki ka degaje yon antant nan negosiyasyon yo

Pati politik ASE pwopoze twa pwen li kwè ki ka degaje yon antant nan negosiyasyon yo

Fas ak kriz sosyopolitik la, pati politik ASE pwopoze twa pwen li kwè ki ka degaje yon antant nan negosiyasyon yo.

Nan yon nòt pati politik Alyans pou yon Sosyete san Eksklizyon (ASE) mete deyò 20 septanm pase a, fè yon rapèl sou kriz sosyopolitik peyi a ap travèse epi montre enpòtans dyalòg la genyen pandan l tou pwofite pwopoze twa pwen li rete kwè ki se twa gwo levye pou alimante epi degaje yon gwo antant sou negosyasyon yo. Nòt sila pote siyati prezidan pati a ki se Cholzer Chancy, vis prezidan an Rosny Cadet ak Youdeline Cherizard Joseph ki se Sekretè nasyonal pati sa.

Pati a anndan nòt sa pwopoze twa pwen li rete kwè ki se levye pou alimante epi degaje yon gwo antant sou negosyasyon yo. Twa pwen sa yo se: 1- Rive mete dakò sou yon “Pwosesis politik” ki enklizif, pwogramatik, estratejik ak fezab, ki dwe gade kondisyon minimal pou enstale yon gouvènnman laj ak kredib, avan nou fè plas pou yon estabilite ak renouvèlman pèsonèl politik yo. 2- Defini ansanm yon mekanis politik ak bon jan estrateji pou kwape lamizè k ap wonje popilasyon an, nan sans ki reflete diyite e ki p ap antrave jefò relèvman estriktirèl yo pi douvan. 3-Tabli ansanm kondisyon sekiritè, politik, ak sosyal pou kreye estabilite ak amelyorasyon lavi nan peyi a nan bon jan serenite.

Nan menm nòt sa, dirijan pati yo montre kijan yo endiye fas ak kriz sosyopolitik k ap toumante bil peyi a depi plizyè lane epi ki vin agrave dènye jou sa yo. “Ensekirite makònen ak lanmizè ap touye Ayisyen. Mete sou sa, zak sasinay fè kenken sou frè ak sè nou yo. Lavi pa vle di kichòy ankò”, se sa yo ekri nan nòt la pou montre mizè popilasyon an ap pase.

ASE rete kwè se tout kalte pwoblèm sa yo ki fè leve kanpe sa yo ak ajisman sa bò kote moun nan popilasyon an dènye tan sa yo. Sa pa anpeche ASE voye solidarite l bay moun ki viktim anba kòlè kèk sitwayen ki patisipe nan dechoukay ak kraze brize. <<ASE pwofite voye senpati l bay tout moun ki sibi yon fason oswa yon lòt tribilasyon sitiyasyon
malouk sa a pote pou yo. ASE voye jete byen lwen epi Kondane tout zak vyolans ki fèt sou vi ak byen moun nan jou ki sot pase yo>>.

Dènye tan sa yo, anpil sektè oubyen patikilye ap pwone dyalòg ant aktè yo pou pèmèt peyi a soti nan katchouboumbe li ye a, pou ASE se yon jefò ki louwab men li souliye ki chita sou baz mefyans nan mitan moun k ao dyaloge yo. “Domaj, mefyans jeneral ki karakterize konpòtman tout aktè yo, se youn nan pi gwo obstak ki fè dyalòg yo pa sensè, pou tabli yon solisyon pataje, entegre epi pratik ak kriz sila”, daprè sa dirijan pati a estime.

Pou fini, dirijan ASE yo envite tout sektè kontinye dyaloge ak reflechi sou soti kriz la pandan yo rete kwè peyi a ka pase faz difisil l ap travèse a si tout aktè yo mete senserite nan chita pale yo.

Pati politik ASE pwopoze twa pwen li kwè ki ka degaje yon antant nan negosiyasyon yo

Dekouvri plis:

La PNH récupère 4 armes à feu à Léogâne et trois motocyclettes à Saint-Marc

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Incarcéré dans le cadre du dossier de corruption au CNE, l’ex-député Cholzer Chancy a été libéré par le juge Merlan Belabre Incarcéré le 22...

Actualités

Le parti politique ASE salue la décision de Cholzer Chancy de répondre à l’invitation du juge instructeur Al Duniel Dimanche et apporte son soutien...

Actualités

L’ancien président de la chambre des députés, Cholzer Chancy a été transféré ce mardi 23 janvier au Pénitencier National. Une source policière a confirmé...

Aktyalite AN KREYÒL

Ansyen depite Cholzer Chancy jwenn arestasyon l apre jij Al Duniel Dimanche fin tande l nan kad dosye kòripsyon nan CNE a. Jij kap...