Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Plis enfòmasyon sou Salatiel, atis Rutshelle Guillaume feat ak li a

Plis enfòmasyon sou Salatiel, atis Rutshelle Guillaume feat ak li a

Good Girl“, se yon nouvo mizik ki soti ak tout videyo, atis feminin Rutshelle Guillaume gen privilèj featuring sou li bò kote atis kamerounè Salatiel.

Good Girl se tit nouvo mizik sa ki tou videyoklipe ki dire 4 minit ak 36 segond, ki pibliye sou paj YouTube labèl Alpha Better Records jodi vandredi 5 fevriye a, yon mizik ki gen prezans lang kreyòl la, fransè ak anglè ladan l. Nouvo pwojè sa ke diva nou an patisipe sou li a getan vizyone 25 mil fwa nan moman atik sa t ap ekri a.

Kiyès ki Salatiel la?

Salatiel gen pou non konplè Salatiel Livenja Bessonj. Li se yon kamerounè ki fèt 8 jiyè 1986, ki tou vle di li pral gen 35 lane an jiyè 2021 la.

Salatiel se fondatè label Alpha Better Records kote mizik good girl la pibliye a. Atis kamerounè sa se chantè, mizisyen, aranjè ak pwodiktè an menm tan.

Atis sa ki kolabore ak Rutshelle Guillaume se sizyèm nan yon fanmi ki gen 9 pitit kote manman l ak papa l se pastè.

Li te abandone etid medsin epi konsakre lavil ak mizik kote li te konn ekri tèks pou yon gwoup gospel, anime yon koral nan yon zòn nan Yaoundé. Li te aprann jwe tou gita, batri ak piyano epi kreye pwòp gwoup li ki te rele Salas Band.

Salatiel patisipe tou sou album Beyoncé a ki rele The Gift kote li chante sou yon mizik ki rele water ki soti an 2019.

Li pran plizyè pri tankou Canal d’or 2019 meyè atis maskilen, pri meyè atis maskilen Afrik Santral an 2019.

N ap raple w apre soti mizik sa, kòmantè yo pa sispann felisite epi lwanje talan diva nou an, Rutshelle Guillaume, sou kont rezososyo li yo kote fantatik yo kòmante anpil.

Dekouvri plis:

Élections, constitution, fin de mandat, les présidents Jovenel Moïse et Joseph Lambert ont fait le point

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Culture

La star haïtienne Rutshelle Guillaume nominée aux TRACE Awards & Festival 2023 dans la catégorie « BEST CARIBBEAN ARTIST » qui se tiendra au...

Actualités

Critiquée par certains internautes pour son habillement aux funérailles de sa mère, Rutshelle Guillaume met les choses au clair. Les obsèques de Mme Lorianne...

Culture

Le staff management de Rutshelle Guillaume annonce le report de ses concerts à la suite du décès de sa mère. Afin qu’elle puisse traverser...

Culture

Victime d’une intoxication alimentaire, Rutshelle Guillaume manque un spectacle à Montréal et s’excuse auprès de ses fans. La chanteuse Rutshelle Guillaume, à travers un...