Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Vladimir Poutine di nenpòt nasyon ki menase peyi l ap jwenn yon repons “imedya”

Vladimir Poutine di nenpòt nasyon ki menase peyi l ap jwenn yon repons "imedya"
Getting your Trinity Audio player ready...

Vladimir Poutine di nenpòt Nasyon ki menase peyi l nan entèvansyon l ap fè yo ap jwenn yon repons “imedya” epi trennen anpil konsekans dèyè l.

Prezidan peyi Risi a Vladimir Poutine menase peyi ki ta ap pale epi opoze ak entèvansyon militè li yo nan peyi Ikrèn. Nan yon mesaj atravè yon videyo li voye pinga bay moun sa yo epi fè lwanj pou lame li a.

“Kounya mwen swete adrese m ak tout peyi eksteryè ki ta tante fè entèvansyon. Kèlkeswa moun ki vle jennen nou oubyen menase pèp nou ak peyi nou an, nou dwe konnen repons Risi ap imedya epi l ap trennen dèyè l anpil konsekans ke nou pa janm konnen nan istwa nou. Nou mete nou prè fas ak tout evènman, tout desizyon pran nan sans sa, mwen espere n ap koute mwen. Pou sa ki gen pou wè ak lame nou an, m ap raple malgre efondreman URSS ki debouche sou yon gwo kapasite li pèdi, sa pa anpeche li rete youn nan pi gwo pisans nikleyè nan mond lan. Li genyen tou avantaj posede zam ki pi avanse nan mond lan. Pyès moun pa ta dwe doute yon atak dirèk kont peyi nou an ta ka kondui a yon defèt epi ap gen gwo konsekans pou tout agresè potansyèl”, pawòl Vladimir Poutine.

Depi granm bonè jedi a (lè peyi ewopeyen) Vladimir Poutine lanse yon operasyon militè nan peyi Ikrèn kote militè ris yo anvayi peyi a nan plizyè pwen fwontalye.

Plizyè dirijan peyi ak òganizasyon entènasyonal reyaji. Antonio Guterres mande ak Poutine pou fè sòldo ris yo retounen nan peyi yo. Macron di li kondane desizyon peyi Risi pou fè lagè ak Ikrèn. Joe Biden sou bò pa l di Etazini ak alye li yo ap reponn ak inite epi detèmine.

Pandan atak sa yo, plizyè medya entènasyonal rapòte yon avyon militè ikrenyen kraze tou prè vil Kyèv avèk 14 moun ki te ladan l.

Vladimir Poutine di nenpòt nasyon ki menase peyi l ap jwenn yon repons "imedya"

Dekouvri plis:

Invasion Russe en Ukraine: Haïti appelle à la retenue et à une solution pacifique

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu