Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Premye minis Jouthe Joseph fè detente vit nan machin kòtèj li yo

Premye minis Jouthe Joseph fè detente vit nan machin kòtèj li yo

Apre ke Premye minis lan Jouthe Joseph te fin anonse desizyon CSPN lan pran pou entèdi machin vit tente sikile sou teritwa a yon fason pou lite kont kidnapin anndan peyi a. Chèf Primati a anonse nan yon mesaj sou paj Facebook li ke l fè detente vit machin nan kòtèj li yo.

Chèf gouvènman an fè konnen ofi a mezi tout machin anndan Primati a ap detente.

N ap raple w Joseph Jouthe te anonse gouvènman bay samdi k ap vini la pou tout machin detente eksepte machin ak nouvo plak OF yo, plak CC ak CD. Nan ka kontrè, gen sanksyon k ap tonbe.

Apre deklarasyon premye minis lan, genyen ansyen senatè Jean Renel Senatus ki te anonse sou Twitter ke l detente vit machin li bonè maten an epi akonpaye twit la ak yon foto. Ansyen depite Déus Derroneth fè menm bagay la tou.

Bò kote rès popilasyon an gen moun ki twouve se yon bon desizyon, gen lòt tou ki panse se sinema sa p ap bay okenn rezilta.

Dekouvri plis:

“Sil pa nou li pa bon”, rapè Wendy frape fò

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Akoz ensekirite a, fakilte Syanzimèn transfere tout achiv li nan yon lòt espas ki plis an sekirite. Vyolans gang Gran Ravin kont popilasyon Kafoufèy...

Actualités

L’ex PM Joseph Jouthe salue le départ du Docteur Paul Farmer De nombreuses personnalités ont réagi à la suite de la mort subite du...

Politique

La DIRPOD prend acte de la démission de Joseph Jouthe et appelle au maintien de la mobilisation Les réactions fusent de toute part après...

Politique

Trè ta nan lannuit 13 pou louvri 14 avril la, Joseph Jouthe remèt demisyon l kòm premye minis. Kèk èd tan apre demisyon sa,...