Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Akoz ensekirite a, administrasyon Fakilte Syanzimèn transfere tout achiv li nan yon lòt espas

Akoz ensekirite a, administrasyon Fakilte Syanzimèn transfere tout achiv li nan yon lòt espas

Akoz ensekirite a, fakilte Syanzimèn transfere tout achiv li nan yon lòt espas ki plis an sekirite.

Vyolans gang Gran Ravin kont popilasyon Kafoufèy la depi plizyè semèn gen gwo konsekans sou plizyè lòt zòn pwòch kote enkyetitid yo ap ogmante lakay sitwayen yo chak jou pi plis. Nèg ak zam yo pa sispann mache sou Kafoufèy, ki oblije anpil moun kouri kite pou ale refijye yo nan lòt espas. Nan sans sa, Fakilte Syanzimèn Inivèsite Leta a ki twouve l nan blòk Avni Kristòf frape anba menas endividi sa yo ki kontinye ap pwogrese pou pran teritwa. Avan pita ta pi tris, administrasyon Fakilte a deside transfere tout achiv li nan yon lòt espas, se sa yon responsab deklare ak Wedster Lyvert ki se jounalis radyo Magik 9, Le Nouvelliste ak Ticket Magazine.

Daprè konfrè jounalis la ki bay enfòmasyon an, li rapòte sou kont X (Twitter) li Josué Vaval ki se Kwòdonatè fakilte a fè l konnen yo deside transfere achiv fakilte a akoz ensekirite a ki kòmanse rive ak fòs nan blòk la. Achiv sa yo pote nan yon espas ki pa devwale pou kesyon sekirite.

Responsab la fè konnen ak jounalis Wedster Lyvert 15% kou ki pa t getan fini yo sispann epi ajoute konkou pou nouvo etidyan ki te prevwa fèt premye oktòb la repòte pou yon dat ki poko defini.

Depi yè anpil moun kontinye ap kouri Kafoufèy. Moun ki te deja deplase ale pran refij blòk plas Jeremi oblije kouri yè swa akoz kout bal ki kontinye ap chante epi bandi yo ki pa sispann ap avanse epi fòse moun yo ki lage 2 bra balanse ap kouri.

Pou kounya, anpil moun deplase twouve yo Channmas, Gymnasium Vincent ak anndan kèk lekòl prive kou piblik nan kondisyon ki pa reponn ak okenn nòm.

Popilasyon an pa sispann lanse SOS, moun yo pa sispann mobilize men otorite yo pa janm di anyen ki konkrè ni bay yon repons satisfezan kont gang k ap simen latwoublay nan mitan popilasyon Sivil la.

Akoz ensekirite a, administrasyon Fakilte Syanzimèn transfere tout achiv li nan yon lòt espas

Dekouvri plis:

Donald Trump affirme qu’il emprisonnera ses opposants politiques s’il redevient président, rapporte The Guardian

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Apre ke Premye minis lan Jouthe Joseph te fin anonse desizyon CSPN lan pran pou entèdi machin vit tente sikile sou teritwa a yon...

Actualités

Les travaux de réhabilitation et de renforcement du bâtiment académique de la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) sont pratiquement achevés. Encore quelques coups de...