Connect with us

Hi, what are you looking for?

Nécrologie

René Prévil Joseph, sendikalis nan sektè edikasyon ak kilti a mouri aprè yon malèz respiratwa

René Prévil Joseph, sendikalis nan sektè edikasyon ak kilti a mouri aprè yon malèz respiratwa

René Prévil Joseph ki se sekretè jeneral Konfederasyon Travayè Ayisyen (CTH) ak Federasyon Nasyonal Travayè pou Edikasyon ak Kilti (FENATEC) mouri jodi dimanch 27 jen an, swit ak yon malèz respiratwa, selon sendikalis Montès Joseph.

Selon tout dènye enfòmasyon nou arive rekeyi bò kote sendikalis sa, fè nou konnen profesè René Prévil Joseph te gen pwoblèm respiratwa, sa ki ta pral pouse fanmi li kouri ak li lopital Sen Lik nan Taba samdi pase ki te 19 jen an. 8 jou aprè, sendikalis la arive bwè dlo bouch li.

Sendikalis Montès Joseph ki te konfime nou enfòmasyon an pa t an mezi di nou si René Prévil Joseph ta mouri nan kowonaviris ou pa. Men, fò n raple w lopital Sen Lik se yon nan kote ki resevwa ka kowonaviris ak pasyan ki gen konplikasyon tankou pwoblèm respiratwa ki sanble ak sentom kowonaviris.

René Prévil Joseph se te yon moun ki te konsakre yon pati nan vi l nan milite pou pi bon kondisyon travayè ayisyen yo epi goumen pou moun k ap travay nan sektè Edikasyon ak kilti jwenn ankadreman, pwoteksyon elatriye.

Depa gwo sendikalis sa lèse tristès ak dezolasyon lakay sendikalis parèy li yo ki te konn milite bò kote l san nou p ap bliye zanmi ak fanmi l ki afekte pa lanmò sa.

René Prévil Joseph, sendikalis nan sektè edikasyon ak kilti a mouri aprè yon malèz respiratwa

Dekouvri plis:

Gangstérisation de l’espace ou le défi du XXIème siècle pour l’aménagement du territoire en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu