Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Roody Roodboy fè konnen se apèl Baky li ap tann pou yo fè yon konsè ansanm

Roody Roodboy fè konnen se apèl Baky li ap tann pou yo fè yon konsè ansanm

Roody Roodboy bay rezon ki fè l te rele Baky epi avwe li pare pou l jwe sou menm sèn ak atis la.

Nan yon interview Roody Roodboy bay Carel Pèdre nan okazyon pwochen album li an ki pral soti, atis ayisyen an te pale sou plizyè lòt sijè ki toujou gen pou wè ak mizik, pami yo koze rivalite ant li menm ak Baky. Ansyen finalis Digicel Stars la fè konnen li pa gen anyen pèsonèl ak pyès moun epi avwe li te rele Baky pou mande l jwe sou menm sèn ak li, yo pa dwe fini menm jan Barikad ak Rockfam te fini. Li ajoute pou l di se apèl atis parèy li an l ap tann pou di l an n fè yon konsè ansanm.

“M pa vle pyès moun konprann mwen gen bagay pèsonèl ak moun. Dayè kèlkeswa moun mwen nan bif avèk yo mwen ka ekri yo, m ka salye yo”, se sa l deklare nan show espesyal sa li te gen ak Carel Pèdre sou pwochen sòti album li an.

Pi lwen, Roody Roodboy ki sot byen pase nan dènye edisyon Sumfest la nan Miami, fè konnen li te rele Baky pou pwopoze l jwe yon pwogram ak li. “M rele Baky m di yow nou pa ka ap fini menm jan Barikad ak Rockfam te fini. M di misye an n fè l kat sou tab.”

Roody Roodboy fè konnen Baky te di l li pral pale ak staff men sanble l pa janm jwenn repons pandan l estime rapè a ta genlè fè bak aprè Sumfest la. “Call m ap tann nan men Baky a se: Rele m, di m an n fè yon konsè an desanm. Se sa m ap tann, li mèt vin ak tout akolit li yo nèt”, se deklarasyon Roody Roodboy.

Roody Roodboy fè konnen se apèl Baky li ap tann pou yo fè yon konsè ansanm

Dekouvri plis:

Ça ira très mal pour les gangs haïtiens s’ils viennent se cacher sur le territoire dominicain, prévient Luis Abinader

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

Promesse tenue par Baky en soutien au Collège Saint-Jean des Cayes et l’hôpital CARAMED. Baptista Lugendy St-Hubert connu sous son nom d’artiste Baky a...

Culture

“Dènye lèt (depresyon)”, le morceau tant apprécié sur le dernier projet musical de Baky Popilè traitant de la dépression et la mélancolie. L’artiste Baky...

Culture

Aprè Baky fin anonse 2 album li yo pou 7 ak 8 me k ap vini la, Wendy parèt li mete rezo sosyal yo...

Culture

Roody Roodboy présente le morceau “Marry Me” une collaboration avec le chanteur nigérian Wiz Ofuasia. L’artiste haïtien Roody Roodboy s’est associé à l’artiste nigérian...