Connect with us

Hi, what are you looking for?

Tech

S-Poo-V, yon machin elektrik ki mache ak kaka moun

S-Poo-V, yon machin elektrik ki mache ak kaka moun

Yon fim nan peyi Ostrali kreye yon machin ki pa bezwen gaz pou li mache men jis bezwen kaka moun pou li fonksyone .

Li ka parèt blag men se yon reyalite. Yon medya nan peyi Bèljik releye enfòmasyon an pou fè konnen fim ostralyen ki rele “Urban Utilities” kreye yon machin ki gen pou mak S-Poo-V, se yon Hyundai Kona yo brikole pou bay nouvo mak machin sa ki mache ak twalèt moun. Kote ke yo itilize biyogaz ke dekonpozisyon kaka moun pwodui ki vin fè li alimante pou machin sa mache.

Pòt pawòl fim ostralyen an ki se madam Anna Hartley deklare pou l di: “Yo pa rann yo kont, men plis pase 30 mil moun ki twouve yo nan sid ak lwès vil Brisbàn kontribye nan kreyasyon gaz pou S-Poo-V, chak fwa yo flòch twalèt yo”.

Chak jou, chak tan yon moun pase nan yon twalèt epi flòch li, sa ka pèmèt machin sa kouri 450 kilomèt nan kantite gaz twalèt li ka pwodui.
Eksperyans sa ta vle montre kaka moun gen enpòtans li.

S-Poo-V, yon machin elektrik ki mache ak kaka moun

Dekouvri plis:

Tanpèt Elsa elwanye Ayiti pou ale Jamayik ak Kiba men otorite yo toujou kenbe vijilans jòn

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu