Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insolite

Sante: Yon bebe fèt ak 3 “koulout” nan peyi Irak

Sante: Yon bebe fèt ak 3 "koulout" nan peyi Irak
Kredi foto : Ladbible

Yon bebe nan peyi Irak, an Azi, fèt ak 3 koulout, daprè sa New York Post, The Sun ak anpil  lòt medya rapòte oubyen releye vandredi pase a.

Ti bebe sa  idantite li pa revele, fèt nan vil Duhok, peyi Irak. Bebe sa jan nou di pi wo a gen 2 lòt koulout kote yon soti tou pre rasin koulout prensipal la epi lòt la twouve l sou skwotòm lan. 2 lòt ti manch sa yo yon mezire 2 santimèt epi lòt la 1 santimèt.

Medsen ki te egzamine bebe a kalifye fenomèn sa ra nan koze medsin epi fè konnen bebe a pat ekspoze ak medikaman nan iteris manman an epi pat gen ka sa yo nan gran paran bebe sa ki ta vle di se pa yon bagay rasyal.

Nouvèl yo menm fè kwè se premye fwa yon moun fèt ak 3 koulout menm kan medsin fè konnen gen yon defo ki pote non “Triphallia” se lè yon moun gen posiblite fèt ak 3 koulout. Defo sa touche yon grenn moun sou 5 a 6 milyon moun ki fèt. Poko gen okenn ka 3 koulout ki anrejistre jistan ka an Irak la prezante la.

Pa kont, nan lane 1600, yo te anrejistre yon bebe ki fèt ak 2 koulout ki te premye ka. Yo te rele fenomèn sa “Diphallia”.

Nap note pou ou bebe an Irak la,  an bòn sante aktyèlman. 2 lòt koulout yo pat fonksyone paske yo pa gen irèt epi yo pa konekte ak sistèm repwodiktè a. Medsen yo retire 2 koulout sa yo, kounya bebe a gen yon sèl koulout tankou tout gason epi koulout sa grandi an pafèt sante!

En savoir plus:

«Haïti Classement TOP 100», pour classer les institutions et organisations établies en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu