Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

SDP rankontre PM Ariel Henry, kèk moun nan kò diplomatik, sosyete sivil nan lide pou jwenn yon akò politik

SDP rankontre PM Ariel Henry, kèk moun nan kò diplomatik, sosyete sivil nan lide pou jwenn yon akò politik
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) rankontre moun nan sektè diplomatik la, manb sosyete sivil la epi premye minis Ariel Henry.

Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) a ki se yon blòk nan opozisyon an rankontre jodi lendi 2 out la kèk anbasadè epi premye minis Ariel Henry yon fason pou jwenn yon solisyon ak kriz la.

Nan sans sa, dirijan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) yo te rankontre laprès pou bay detay sou kisa rankont yo te chita. Ing Marjory Michel ki te louvri konferans sa te prezante nan ki kontèks rankont sa yo te fèt ki se jwenn yon akò politik k ap bon pou peyi a pou pèmèt li soti nan sa l ye a ki kab reponn tou ak revandikasyon yo, selon ansyen minis kondisyon fanm ak dwa fanm lan.

Agr Ricard Pierre ki te pran lapawòl fè yon ti rapèl sou 4 lane batay Sektè Demokratik la ap mennen pou byennèt popilasyon an.

Ricard Pierre ki se yon ansyen senatè fè konnen yo chita pale ak sosyete sivil k ap chache solisyon pou kriz la kote yo fè plizyè rankont ak yo. Yo pale tou ak siyatè pwotokòl antant ki te siyen pou Joseph Lambert prezidan epi Ariel Henry PM. Sektè a pale tou ak gwoup ki pa t siyen pwotokòl antant lan tankou OPL, Verite elatriye, tout chita sa yo se pou pèmèt chak moun pote pwopozisyon pa yo epi triye ansanm sa k bon nan chak pwopozisyon yo pou soti ak yon sèl pwopozisyon. Ricard Pierre fè konnen poko gen yon pwopozisyon inik jiskaprezan.

Rankont SDP a te ale tou bò kote kèk moun nan kò diplomatik la pou eksplike yo responsabilite pa yo nan kriz la tou.

Apre tout rankont sa yo, Ricard Pierre fè konnen yo te jwenn yon envitasyon Ariel Henry, epi apre analiz yo ale nan rankont lan.

Met André Michel te pran lapawòl la pou di nan mikwo laprès kisa Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) la te di ak PM Ariel Henry. Pou demare, avoka a fè konnen gen yon vid politik anndan peyi a ki vle di l pa rekonèt okenn gouvènman, okenn premye minis epi fè konnen toutotan pa gen okenn konnsansis ki bay yon akò politik Sektè Demokratik la p ap rekonèt okenn gouvènman.

André Michel fè konnen Sektè a di nan figi Ariel Henry ke l pa premye minis an rezon de tout sa n ekri pi wo nan tèks la.

SDP raple ak PM Ariel Henry anndan rankont lan pou peyi sa soti nan sa l ye a fòk gen yon konnsansis, daprè sa mèt André Michel di.

Akò politik sa dwe gen yon seri eleman ki dwe ladan l tankou yon gouvènman konnsansis, yon egzekitif bisefal ki dwe gen yon prezidan ak premye minis, liberasyon prizonye politik, toujou selon mèt André Michel.

Nan kad rankont sa yo, lidè Sektè yo deklare ak PM lan epi manb kominote entènasyonal la ke yo rejte koze eleksyon pou fen ane a paske pa gen okenn kondisyon ki reyini epi pwofite egzije yon nouvo konsèy elektoral ki fèt ak patisipasyon sektè kle anndan peyi a.

Ekonomis Nenel Cassy sou bò pa l fè konnen yo te rankontre delege sektè a ki te eksprime ba yo preyokipasyon yo ak kriz la epi mande yo pou gen yon akò politik ak tout moun. Se nan sans sa tou, Manb Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) te mande delege yo si yo mèt pale ak tout moun, delege yo te di wi, si n kwè pawòl ansyen senatè Nip lan.

Nenel Cassy rasire popilasyon an pou di l nan kad batay Sektè a ap mennen li p ap kite yon grenn revandikasyon deyò . Epi mande ak popilasyon pou kontinye plase konfyans nan Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP).

SDP rankontre PM Ariel Henry, kèk moun nan kò diplomatik, sosyete sivil nan lide pou jwenn yon akò politik

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Peste porcine: le gouvernement haïtien interdit l’importation de la viande de porc en provenance de la République Dominicaine

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Actualités

L’ex-ambassadeur Smith Augustin propose à Luis Abinader et à Ariel Henry une solution diplomatique pour résoudre le conflit sur la rivière Massacre. L’ex ambassadeur...

Politique

Assemblée générale des Nations Unies: le parti EDE dézingue le discours du Premier ministre Ariel Henry. Le parti politique les Engagés pour le Développement...

Actualités

Le secrétaire d’État américain, Antony Blinken a rencontré le Premier Ministre Ariel sur la situation d’Haïti. En marge de la 78ème assemblée générale des...

Santé

«Haïti a été en mesure de fournir une réponse forte au VIH/SIDA, ce qui a contribué à stabiliser l’épidémie», selon Ariel Henry. Le premier...