Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sèbi: yon depite demisyone aprè yon videyo kap sikile sou entènèt montre l ap gad pòno an plèn seyans

Sèbi: yon depite demisyone aprè yon videyo kap sikile sou entènèt montre l ap gad pòno an plèn seyans

Sèbi: yon depite demisyone aprè yon videyo kap sikile sou entènèt montre l ap gad film pòno nan palman an pandan yon seyans sou tefefòn li.

Zvonimir Stevic ki gen 65 lane se non yon depite nan peyi Sèbi ki demisyone madi 7 fevriye a, aprè yon videyo ki ap sikile sou rezo a montre l ki t ap gade pòno sou telefòn li pandan yon seyans ki t ap fèt sou nòmalizasyon relasyon Belgrad ak Kosovo. Li se manb pati sosyalis nan peyi sa, pwòp pati a mande l demisyone aprè pil kritik yo.

Nouvèl la te rapòte pa televizyon Leta nan peyi sa. Se semèn ki sot pase a depite sa t ap gade pòno sou telefòn li men videyo ki montre sa ta pral pran lari kèk jou aprè. Sa ki oblije veteran pati sosyalis la remèt demisyon l.

Zvonimir Stevic gen orijin li nan Kosovo, ki se yon ansyen pwovens meridyonal nan peyi Sèbi. Misye te gen yon epòk li te minis adjwen pou teritwa sa ki pwoklame endepandans li nan lane 2008.

Jan nou mansyone l pi wo atik la, se yon seyans ki te genyen anndan palman an sou nòmalizasyon relasyon Belgrad ak Kosovo. Yon seyans ki te gen anpil bouch louvri e menm agresyon fizik ant depite opozisyon nasyonalis yo ak gwoup pati pwogresis la ki se branch pa pouvwa an plas la.

Sèbi toujou refize rekonèt endepandans Kosovo. Sèbi ki jwenn sipò Chin ak Risi anpeche teritwa sa rantre nan plizyè enstitisyon entènasyonal pami yo ONU.

Sèbi: yon depite demisyone aprè yon videyo kap sikile sou entènèt montre l ap gad pòno an plèn seyans

En savoir plus:

Une délégation de la PNH conduite par Frantz ELBÉ a rencontré l’Ambassadeur du Venezuela en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu