Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sengapou: 3 lane prizon pou yon fo jinekològ sou Facebook

Sengapou: 3 lane prizon pou yon fo jinekològ sou Facebook

Sengapou: yon gason sou Facebook ki fè tèt li pase pou yon jinekològ fanm resevwa mil foto pati entim medam yo. Lajistis kondane l pou l pase 3 lane nan prizon.

Ooi Chien Wei se non yon sengapouryen ki gen 37 lane ki pral pase twa zan ak 4 mwa nan prizon aprè lajistis fin kondane l paske l fè tèt li pase pou yon jinekològ fi sou Facebook epi twonpe vijilans plizyè dizèn medam ki voye foto devan yo ba li, daprè sa medya fransè BFMTV rapòte jounen jedi 27 oktòb 2022 a.

Selon enfòmasyon CNN ki site pa sit BFMTV, jèn gason sa te itilize yon fo kont sou Facebook pou l fè tèt li pase pou yon jinekològ fanm. Li rantre nan kontak anpil medam, li mande yo pou yo reponn ak sondaj ki gen rapò ak vi seksyèl yo epi ògàn jenital yo.

“Li pretann li se yon medsen epi twonpe plizyè viktim nan mande yo voye foto ak videyo entim ki lye ak yo”, daprè pwokirè adjwen tribinal Sengapou a, R. Arvindren.

Yo ta pral dekouvri Ooi Chien Wei an jiyè a pandan yon fanm t ap fè rechèch sou non an epi ta pral rann li kont pa gen okenn jinekològ sou idantite sa. Li ta pral pote plent, yon ankèt polisye te vin louvri aprè sa. Aprè pil ankèt, polisye te debake kay Ooi Chien Wei epi sezi tout aparèy elektwonik li yo.

Yo ta pral dekouvri 1000 foto entim nan bwat aparèy li, 38 fi viktim de endividi a.

Sengapou: 3 lane prizon pou yon fo jinekològ sou Facebook

Dekouvri plis:

Miami: un complexe sportif porte le nom de l’ancien footballeur haïtien Ernst Jean-Baptiste dit ZeNono

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu