Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sexi l’artiste mouri asasinen maten vandredi 3 mas la

Sexi l'artiste mouri asasinen maten vandredi 3 mas la

Ralphe Théodore aka Sexi l’artiste mouri blòk Avni Poupla.

Raphe Théodore anpil moun konnen sou non «Sexi l’artiste» mouri maten vandredi 3 mas la nan zòn Avni Poupla, blòk Nazon. Selon enfòmasyon ki rive jwenn Juno7, se tire yo tire li.

Toutfwa, poko gen twòp detay sou moun ki ta komèt aksyon sa sou komedyen an. Gen enfòmasyon ki menm lèse kwè se nan blòk la li t ap viv.

Depi 3 jou, gè ki deklannche ant gwoup ame nan nivo Bèlè, ba Dèlma lakoz anpil moun sou Fò Nasyonal, Solino, Nazon ak kèk zòn ki anviwonnen yo kite kay yo akoz pil tire.

N ap raple Sexi l’artiste te akize pa jounalis Theriel Thelus kòmkwa li ta fè pati gwoup gang 5 Segond nan Vilaj de Dye. Yon enfòmasyon konsène a te demanti epi te pibliye yon tèks nan jounal Le Nouvelliste sou koze sa. Depi lè sa, okenn moun pa t janm tande komedyen an ni konnen kisa l ap regle jiskaske nouvèl lanmò l fè sifas jodi vandredi a sou tout rezo sosyal yo.

Sexi l'artiste mouri asasinen maten vandredi 3 mas la

Dekouvri plis:

Achraf Hakimi, joueur du PSG, mis en examen pour viol

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Choquée et stupéfiée, la société Muska Group dénonce et condamne l’assassinat de Ralphe Théodore dit « Sexi » Dans une note de presse publiée...