Connect with us

Hi, what are you looking for?

People

Shabba resevwa kout pwen nan figi, chèn li kase, kouman sa fè rive?

Shabba resevwa kout pwen nan figi, chèn li kase, kouman sa fè rive?

Shabba resevwa yon kout pwen nan figi, chèn li kase. Kouman aksyon sa yo fè rive?

Gwo deblozay pete yè samdi 12 mas 2022, pandan aktivite “Take Ova Fest” ki t ap fèt nan peyi Repiblik Dominikèn. Deblozay sa mete fas pou fas Jeff ki renmen pou kounya ak (ansyen) madanm Shabba epi Shabba. Daprè enfòmasyon yo ki te rapòte pa plizyè animatè kiltirèl ak KonpaEvents, Jeff bay Shabba yon kout pwen nan figi, atis la blese, chèn li kase. Aksyon sa yo pase nan VIP pwogram lan.

Premye eleman enfòmasyon yo fè konnen   se pase atis l ap t ap pase, Claudia ki se (ansyen) madanm li voye yon kleren nan figi l, epi Jeff ba li yon kout pwen. De seri de aksyon ki ta sanble kou sipriz. 

Nan yon konvèsasyon WhatsApp Gade Dodo poste ki ta mesaj pa Shabba, atis la eksplike n ap site: “Se rete mwen rete chita nan VIP mwen, epi m wè yo vini mwen di mwen p ap rete mwen prale epi yo manzè voye yon tafya nan  je mwen epi mwen vin pa wè, misye ban m yon kout pwen sezi”.

Byen avan deblozay sa, nan yon bal T-Vice t ap fè dènyeman, kote madan Shabba ak Jeff te prezan nan VIP a, enfòmasyon rapòte fi a te vle vòlè vedèt la nan men Shabba ki te la tou. Sa ki te pouse mizisyen Ekip la monte stage epi pran mikwo ale chante ak kreye animasyon kòm dabitid epi ta pral met plezi nan di: “nou menm medam ki nan sal la, lè n ap kite nèg nou pran yon nèg ki ka f on bagay pou nou pa ranmase payas, pa al pran yon nèg ki pa gen yon goud nan bouda l”.

Sa ki te parèt komik pou anpil moun ki te prezan epi ki t ap rele tankou ap bay ochan. Tout moun te rann kont se ak Claudia epi Jeff li t ap pale. Èske sa se ta koz ki fè mesye dam yo fè kò sou Shabba pou bat li a?

Shabba resevwa kout pwen nan figi, chèn li kase, kouman sa fè rive?

Dekouvri plis:

La PNH a commémoré ce 12 mars 2022 le 1er anniversaire du drame de Village de Dieu

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Le groupe EKIP annonce des tournées enflammées pour les deux prochains mois Lors d’une interview accordée à Juno7, le musicien et chanteur Shabba du...

Musique

“Yo di pa gen 2 queen! Pa gen 2 queen! Only one!”, l’artiste du groupe Ekip,Shabba revient sur ses déclarations. Samedi dernier, lors d’un...

People

Atis Shabba sou wout pou l divòse, madanm li prezante sou Instagram moun ki nan vi pa l la. Rezo sosyal yo chofe depi...

Culture

Le musicien Hervé Shabba Anténor, chanteur, percussionniste de longue date du groupe Djakout #1 a pris la décision de laisser définitivement ce groupe musical....