Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sitiyasyon tansyon anba Dèlma ak sou wout Ayewopò: lapolis repran kontwòl wout ayewopò

Sitiyasyon tansyon anba Dèlma ak sou wout Ayewopò: lapolis repran kontwòl wout ayewopò

Yon sitiyasyon tansyon t ap renye anba Dèlma ak sou wout Ayewopò a, maten lendi 14 jen 2021 an.

Bonè maten an plizyè kout zam t ap chante sou wout Ayewopò a, sa ki kreye panik lakay moun ki abitye fè zòn sa oubyen rete nan anviwon an.

Enfòmasyon revele nèg ak zam moun pa rive idantifye te anvayi espas Bermhan Motors la rive jis nan showroom lan, sa ki te pwovoke panik kay anplwaye ki te nan espas sa. Nan pale ak yon wo grade anndan PNH la fè konnen enstitisyon an te arive gen kontwòl sitiyasyon an pou kounye a.

Sitiyasyon sa ki t ap devlope maten an te lakoz anpil biznis oblije fèmen pòt yo, sikilasyon machin ak moto te paralize, moun te evite frekante zòn lan. Pou kounye a, bagay yo ap reprann timidman nan zòn lan.

N ap siyale w tou granm bonè maten an, Dèlma 30 te bloke selon sa kèk sous rapòte nou. Prèske menm ka figi sa prezante nan ba Dèlma a tou kote zam ap chante, gwo barikad nan zòn sa.

Sitayasyon tansyon sa pa vrèman gen moun ki an mezi pote eksplikasyon ki rezon ki fè l pwodwi bridsoukou maten an. Nan moman nou t ap ekri atik la bagay yo te toujou sanse menm jan nan nivo ba Dèlma.

Sitiyasyon tansyon anba Dèlma ak sou wout Ayewopò: lapolis repran kontwòl wout ayewopò

Dekouvri pis:

Kowonaviris: Gen 205 nouvo ka kontaminasyon ak 3 moun mouri, selon MSPP

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

À l’appel du Collectif 4 Décembre, une marche symbolique s’est tenue à Port-au-Prince dans le but de dénoncer la résurgence des cas de kidnapping...

Actualités

Ce vendredi 11 octobre, le pays s’apprête à vivre une journée d’intense manifestation, comme l’a annoncé l’opposition politique, pour récupérer la lettre de démission...