Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Kowonaviris: Gen 205 nouvo ka kontaminasyon ak 3 moun mouri, selon MSPP

Kowonaviris: Gen 205 nouvo ka kontaminasyon ak 3 moun mouri, selon MSPP

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pibliye avi nimewo 401 ki gen pou wè ak jan estatistik sou kowonaviris la ap ogmante.

Anndan avi sa, MSPP fè konnen gen 205 nouvo moun ki gen maladi Kowonaviris la ak 3 ka lanmò li anrejistre pou dat 9 jen ki sot pase a.

Dènye chif sa yo ki pibliye a vin ajoute sou sa k te la deja yo vin bay yon total 16 561 ka konfime, 2 589 moun pase lopital, 355 moun mouri, 12 563 moun trete, si n kwè bilan MSPP a.

Nan 205 nouvo ka a, depatman Lwès la gen 144 ladan l, tout 3 lanmò yo se nan depatman sa yo anrejistre tou.

Fas ak monte ka yo sou teritwa a, MSPP konseye popilasyon an mete mask oubyen kachnen, lave men, pa bay lamen, bo ak akolad lè w ap salye moun, bay 3 pa distans.

N ap raple w sa gen anviwon yon mwa depi MSPP te enfòme li dekouvri 2 nouvo varyan sou teritwa a ki se varyan brezilyen ak britanik. Selon rechèch moun fè sou koze varyan yo ta dekouvri yo trè danje epi moun pran maladi a pi fasil.

Dènye semèn sa yo pa bò isit anpil moun sitou kèk figi koni bwè dlo bouch yo malerezman akoz maladi a. Plizyè lopital anonse yo pa gen espas pou resevwa moun ankò ki gen sentom ki lye ak maladi a.

Kowonaviris: Gen 205 nouvo ka kontaminasyon ak 3 moun mouri, selon MSPP

Dekouvri plis:

14 Juin 1964: François Duvalier organisa un référendum

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Grippe, asthme et maladies chroniques : les recommandations du ministère pour se protéger. Le Ministère de la Santé Publique et de la Population (MSPP)...

Actualités

Le Ministère de la Santé publique et de la Population annonce le lancement officiel des inscriptions aux examens d’État pour les futurs pharmaciens et...

Actualités

Haïti renforce l’accès aux services de santé essentiels avec un soutien de 100 millions de dollars US de la BID La Banque interaméricaine de...

Santé

Lancée officiellement le 31 août à Bourdon par une clinique mobile humanitaire, l’agence veut rapprocher la médecine des foyers des personnes vulnérables. Le 31...