Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Sitiyasyon tansyon plizyè kote nan kapital ayisyèn lan

Sitiyasyon tansyon plizyè kote nan kapital ayisyèn lan
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Jodi lendi 15 mas la, kapital la ak plizyè lòt kote ki anviwonnen l leve sou tansyon kote kawotchou ap boule, sikilasyon an difisil pou fèt akoz gwoup Fantom 509 epi popilasyon an ki pran lari.

Mouvman pwotestasyon sa fè anpil zòn prèske parèt blanch kote se kawotchou k ap boule ak kèk moto ki ap sikile.

Sou Channmas gen mouvman pwotestasyon kote yon gwoup sitwayen t ap manifeste nan moman atik sa t ap ekri. Nan nivo Lali anba limyè a kawotchou t ap boule,  sitiyasyon an te retounen nan nòmal nan zòn sa epi ta pral anpire menm jan an bò midi yo kote kawotchou te rekòmanse boule sa  ki ta lakoz Lali yon jan blanch nan moman atik sa t ap ekri.

Vè 10, 11 è yo zòn Dèlma 32 anba pasrèl la kawotchou t ap boule, wout Dèlma a te enpratikab. Se menm ka figi a nan Dèlma 63 ak 65 kote kawotchou t ap boule, kote gwoup polisye Fantom 509 yo te pase sou Dèlma a epi monte Petyonvil.

Mouvman pwostestasyon espontane popilasyon an melanje ak gwoup polisye Fantom 509 se pou eksprime fristrasyon yo epi solidarite yo ak polisye ki tonbe vandredi pase a nan Vilaj DEDYE epi pwofite mande kò polisye sa yo pou fanmi yo kapab antere yo.

N ap siyale tou nan zòn Matisan gen mouvman pwotestasyon yon gwoup chofè moto t ap fè pou yon chofè parèy yo lapolis ta arete epi pote solidarite yo bay polisye ki viktim yo.

Nan moman an la kapital ayisyèn lan timid anpil kote akoz mouvman pwotestasyon sa yo , anpil anplwaye prive tankou piblik sou gwo presyon ak estrès.

Dekouvri plis:

Malgré tout, les américains persistent en appelant à des élections en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Justice

Le dirigeant et membres du SPNH-17 ne sont plus dans le viseur de la justice haïtienne. Des membres du SPNH-17 dont l’ancien coordonnateur Jean...

Sécurité

Interpellation de l’ancien policier Abelson Gros-Nègres, recherché par les autorités comme membre de Fantom509. Des protestataires, à Carrefour feuille, et l’avocat André Michel réclament...

Justice

Interpellation de Raphaël Jean alias Ti blan, membre de Fantom509, par les autorités policières et judiciaires. Suite au mandat d’amener émis par le commissaire...

Justice

Le ministre de la justice, Me Rockfeller Vicent ordonne le démantèlement de Fantom509 à qui il impute l’assassinat d’un policier survenu le lundi 22...