Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Tanpèt twopikal Franklin lokalize pou kounya nan zòn Sid Santo Domingo, alèt jòn toujou kenbe sou Ayiti

Tanpèt twopikal Franklin lokalize pou kounya nan zòn Sid Santo Domingo, alèt jòn toujou kenbe sou Ayiti

Tanpèt twopikal Franklin ap deplase nan direksyon lanmè Karayib la, otorite yo toujou kenbe alèt jòn sou Ayiti.

Nan yon nòt Direksyon Pwoteksyon Sivil mete deyò jodi madi 22 dawout la, li fè konnen selon dènye previzyon yo Tanpèt twopikal FRANKLIN ap deplase nan direksyon Lanmè Karayib la. Pou kounya, li lokalize nan zòn Sid Santo Domingo. Posiblite pou l rive sou kot Nò Ayiti apati demen mèkredi a. Rezon sa fè otorite yo toujou kenbe alèt vijilans jòn sou tout peyi Dayiti.

“Selon dènye previzyon yo, tanpèt FRANKLIN ap travèse rejyon Sid la jounen mèkredi a. Sou pasaj li, tanpèt twopikal FRANKLIN ap charye gwo van ak lapli sou tout peyi a”, se sa otorite Pwoteksyon Sivil yo fè konnen nan nòt sa.

Pasaj tanpèt sa fè Pwoteksyon Sivil ak Inite Idwometeyowolojik toujou kenbe alèt vijilans jòn sou tout peyi a akoz risk inondasyon ak glisman teren ki ka frape plizyè depatman.

Otorite yo mande popilasyon an Kontinye koute bilten meteyo yo, ansanm ak tout enfòmasyon ofisyèl medya ak enstitisyon yo ap pataje, evite antre nan fon lanmè, fè rezèv manje ak materyèl enpòtan, evite ale bò dlo ak tèt mòn pandan tanpèt twopikal la ap pase.

Tanpèt twopikal Franklin lokalize pou kounya nan zòn Sid Santo Domingo, alèt jòn toujou kenbe sou Ayiti

En savoir plus:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 22 Août 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

Tanpèt twopikal Franklin: otorite nan peyi Dayiti anonse alèt vijilans jòn sou tout teritwa peyi a. Direksyon Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowoloji fè...

Éphéméride

Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 26 janvier 2022 l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement de la mémoire....

République Dominicaine

Le Président de la République dominicaine Danilo Medina a pris ce mercredi un décret permettant d’effectuer des achats et signer des contrats en urgence...

Actualités

Les conséquences des sanctions américaines sont chaque jour plus lourdes sur Cuba. Ce mercredi, la compagnie aérienne Cubana de Aviacion a été contrainte de...