Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Tanpèt twopikal Franklin: otorite yo anonse alèt nivo vijilans jòn sou tout peyi a

Tanpèt twopikal Franklin: otorite yo anonse alèt nivo vijilans jòn sou tout peyi

Tanpèt twopikal Franklin: otorite nan peyi Dayiti anonse alèt vijilans jòn sou tout teritwa peyi a.

Direksyon Pwoteksyon Sivil ansanm ak Inite Idwometeyowoloji fè konnen depi yè dimanch lan yon puisan ond twopikal deja tounen tanpèt twopikal nan lanmè Karayib la. Non li se Franklin, l ap pase demen madi sou Repiblik dominikèn. Nan sans sa, otorite yo deside mete Ayiti sou vijilans jòn akoz pasaj li ki dwe afekte rejyon Sid la nan madi epi sant tanpèt la dwe travèse teritwa papa Desalin lan nan mèkredi 23 dawout.

“Direksyon Jeneral Pwoteksyon sivil, uhmhaiti ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap jere Risk ak Dezas deside mete Ayiti anba vijilans jòn poutèt Tanpèt Twopikal Franklin ki kapab afekte peyi a nan lannuit madi ak mèkredi k ap vini la”, se sa Direksyon Pwoteksyon Sivil anonse sou kont Twitter li.

Nan sans sa, pou alète popilasyon an, otorite yo deklare alèt vijilans jòn lan se fas ak menas gwo van ak lapli ki kapab lakoz inondasyon ak glisman teren nan zòn vilnerab yo.

Daprè dènyè previzyon yo, Franklin dwe afekte rejyon Sid Ayiti apati demen madi a epi sant tanpèt sila ap travèse tout Ayiti nan mèkredi.

Inite Idwometeyowoloji peyi Dayiti di l ap swiv avèk atansyon tanpèt sa.

Tanpèt twopikal Franklin: otorite yo anonse alèt nivo vijilans jòn sou tout peyi

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 21 Août 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

Tanpèt twopikal Franklin ap deplase nan direksyon lanmè Karayib la, otorite yo toujou kenbe alèt jòn sou Ayiti. Nan yon nòt Direksyon Pwoteksyon Sivil...