Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Tayland: yon jèn marye tiye madanm li ak 4 lòt envite pandan resepsyon maryaj li

Tayland: yon jèn marye tiye madanm li ak 4 lòt envite pandan resepsyon maryaj li

Tayland: yon jèn marye avan tire tèt pa l, li tiye madanm li ak 4 lòt envite ki te prezan nan resepsyon maryaj la.

Chaturong Suksuk se yon najè Taylandè 29 lane ki tire madanm li ak 4 lòt envite pandan seremoni maryaj li. Pami 4 lòt viktim yo gen manman ak sè madanm li ki rele Kanchana Pachunthuek. Aprè misye fin fè zak sa li tire tèt pa l tou. Kèk temwen rapòte misye pa t twò kontan pandan seremoni an, gen lòt ki di l te sou tou. Men otorite nan peyi Tayland poko rapòte sa ki ta pouse jèn marye sa fè krim sa.

“Yo t ap diskite sou bagay ki te trè prive antre yo. Chaturong ale nan machin li, li pran zam li avan li tire”, se sa Matichon Wongbaokul, yon polisye lokal deklare.

Bangkok Post ki se yon jounal Taylandè rapòte pou l di plizyè envite di misye te parèt yon moun ki pa t kontan pandan seremoni maryaj la pandan ke lapolis fè konnen ak BBC jèn marye a te yon jan sou pandan moman an. Men otorite yo poko ka di sa k motive misye pou l tire tout moun sa yo.

Chaturong Suksuk se yon najè ki pran 2 meday an ajan nan je paralenmpik 2022 ki te fèt nan peyi Endonezi ak Kanbòj.

N ap souliye vyolans ak zam se yon bagay ki popilè nan peyi Tayland kote moun achte zam légal oubyen ilegal byen fasil.

Tayland: yon jèn marye tiye madanm li ak 4 lòt envite pandan resepsyon maryaj li

Dekouvri plis:

Enlèvement d’un étudiant de l’INAGHEI à Turgeau

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Un homme s’évanouit après avoir découvert qu’il payait pendant 15 ans le loyer d’une maison appartenant à sa femme. Martin Stampa est le nom...

Monde

Nijerya: Yon fanm mande divòs paske “kòk” mari l twò gwo. Nan peyi Nijerya, Aisha Dannupawa mande mari l Ali Maizanari divòs aprè yo...

Monde

Grande-Bretagne: un homme de 67 ans a violé une centaine de cadavres dans un hôpital L’électricien David Fuller âgé de 67 ans est accusé...

Monde

Indonésie: Un père appelle son fils Abcdef Ghijk. Cela peut ressembler à une blague, pourtant c’est une réalité. En Indonésie, un père de famille...