Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Tèt Roody kase: kèk Detay sou sa k pase anndan Backyard la

Tèt Roody kase: kèk Detay sou sa k pase anndan Backyard la

Yon ensidan pase maten dimanche 10 janvye a, bò 3 zè, nan vil Okay, anndan klèb Backyard, ki ta koze tèt Roody Roodboy pete epi lòt moun arive blese.

Daprè sa yon sous ki te anndan bal sa ki te gen pou afich Mass Konpa ak Roody Roodboy, li eksplike nou ke aksyon an pase nan VIP klèb la bò 3zè nan maten, apre Roody te getan fin jwe.

Temwen sa ki te aktif nan bal la kòm kameraman fè nou konnen li pa an mezi kapab eksplike sa k pwovoke ensidan sa men sof ke kote l te ye a devan “stage” la li wè bouch louvri yo, lè estaf nèg ki te ak Roody yo pouse nèg ki komèt zak la epi lè Roody al pase men nan tèt nèg la tankou pou kalme l epi menm nèg sa pete tèt li ak yon wòch, selon sa temwen an relate pou nou.

Toujou selon sous sa, tout pandan bouch louvri yo, Mass Konpa te kontinye ap jwe, gwoup mizikal la te sou 2e mizik li nan kad prestasyon an. Gracia Delva ta pral kanpe pèfòmans lan lè li remake atis Roody Roodboy benyen an san, selon eksplikasyon temwen an ak sal redaksyon an.

Touswit apre ensidan an, bal la te tou kanpe, yon bal ki te chaje moun, selon eksplikasyon menm temwen sa.

Nan moman atik sa t ap ekri a, atis la ki viktim pa fè okenn kòmantè. Redaksyon an te chache rantre an kontak ak li pou plis detay men an ven paske n pa jwenn li.

Dekouvri plis:

Le conseiller Patrick Numa opéré à la suite d’un AVC, laisse le pays pour des soins spécialisés

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Roody Roodboy bay rezon ki fè l te rele Baky epi avwe li pare pou l jwe sou menm sèn ak atis la. Nan...

Culture

Roody Roodboy présente le morceau “Marry Me” une collaboration avec le chanteur nigérian Wiz Ofuasia. L’artiste haïtien Roody Roodboy s’est associé à l’artiste nigérian...

Aktyalite AN KREYÒL

Roody RoodBoy prezante jodi Mèkredi 12 me 2021 an, non otèl El Rancho, nan petyonvil, 2 nouvo kas «bluetooth» li yo ki pote non...

Actualités

Si mizik toujou konsidere tankou yon biznis pou moun viv, anpil atis kit lokal oubyen etranje toujou anbrase lòt chan nan biznis lan pou...