Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Atis Roody prezante kask Roodboy 1 ak 2

Atis Roody prezante kask Roodboy 1 ak 2

Roody RoodBoy prezante jodi Mèkredi 12 me 2021 an, non otèl El Rancho, nan petyonvil, 2 nouvo kas «bluetooth» li yo ki pote non Roodboy 1 ak Roodboy 2, ki anba eksklizivite mak elektwonik “Joker”.

Devan anpil dizèn fanatik ak reprezantan laprès atis la pou l entwodwi aktivite a te retrase pase l kòm yon pitit sòyèt ki te konn fonksyone kòm machann nan sektè enfòmèl la, yon fason pou l eksplike lanmou l pou biznis depi avan l vin atis selèb li ye jounen jodia.

Roody Rood Boy te pwofite eksplike Jan l ap ancheri rèv pou l gen pwòp mak kas pa l depi lontan, yon rèv li Konsyan li pa t ap ka reyalize pèsonèl. Se pou sa rezon atis la di, li fè chwa de konpayi “Joker” elektwonik li gen yon kontra avè l,  pou ede l ateri ak pwojè sa ki se kas Roodboy 1 ak Roodboy 2, aprè anpil konsiltasyon espesyalis entènasyonal.

Roodboy 1 ak Roodboy 2, pa enskri nan premye estòk sa ki sòti a, atis la ki pa bay rezon an asire fanatik yo nan pwochen estòk yo se non Roodboy 1 oubyen Roodboy 2 k ap enskri sou kas yo.

Fè chwa ateri pwojè sa nan peyi Dayiti, daprè atis la se pa yon chwa fasil sitou avèk jan sistèm nan kanpe. Li fè konnen, li  fè chwa tankou ayisyen paske se lakay li li gen plis valè, se la l ap bati, se la pitit li fèt. “Nou tout pa ka ale, nou dwe kanpe pou nou batay pou goumen kont sistèm sa pou nou ouvè pòt bay lòt jèn tankou nou, pou nou kreye yon estabilite”, selon sa li deklare.

Aparèy sa daprè Cliff Ki se reprezantan Joker, eksplike efikasite kas sa, ladan yo, kapasite pou w itilize l pandan 3 è tan, resevwa apèl epi kapab konekte ak telefòn nan yon distans 10 mèt.

Pandan dewoulman konferans sa, anpil atis debake vin bay Roody Rood Boy afeksyon nan aktivite a, tankou Kadilak, Mechanste, Costy Jay.

Aspen Monney Beat, Rigolo, Bmix, elatriye yo menm tou te asiste ak seremoni prezantasyon nouvo kas sa atis la t ap prezante a.

Apre dewoulman konferans sa, se te okazyon pou moun fè foto, pale ak atis yo, degiste ak pale antre yo nan yon anbyans bon timoun. Ret kounya pou kas yo gaye sou mache a pou voye son nan tenpan moun.

Atis Roody prezante kask Roodboy 1 ak 2

En savoir plus:

Canada: une canadienne d’origine haïtienne devenue première femme noire cardiologue d’intervention 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Roody Roodboy bay rezon ki fè l te rele Baky epi avwe li pare pou l jwe sou menm sèn ak atis la. Nan...

Culture

Roody Roodboy présente le morceau “Marry Me” une collaboration avec le chanteur nigérian Wiz Ofuasia. L’artiste haïtien Roody Roodboy s’est associé à l’artiste nigérian...

Actualités

Si mizik toujou konsidere tankou yon biznis pou moun viv, anpil atis kit lokal oubyen etranje toujou anbrase lòt chan nan biznis lan pou...

Actualités

Yon ensidan pase maten dimanche 10 janvye a, bò 3 zè, nan vil Okay, anndan klèb Backyard, ki ta koze tèt Roody Roodboy pete...