Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon ansyen jwè Real Madrid mande divòs aprè l fin dekouvri madanm li t ap fè l okipe depi an 2008 pitit ki pa pou li

Yon ansyen jwè Real Madrid mande divòs aprè l fin dekouvri madanm li t ap fè l okipe depi an 2008 pitit ki pa pou li

Geremi Njitap, yon kamewounè ki te jwe pou ekip Real Madrid la ak Chelsea dekouvri madanm li t ap fè l okipe depi mwa jen 2008 pitit ki pa pou li.

Nouvèl la gaye tankou yon bonm jodi samdi 23 mas la. Kamewounè Geremi Njitap ki te pase nan ekip Real Madrid ak Chelsea a fè gwo sezisman aprè tès ADN konfime l li pa papa marasa li t ap okipe depi mwa jen 2008. Ansyen foutbolè a ki gen 45 lane oblije mande madanm li, Toukam Fotso Laure, divòs aprè 16 lane maryaj, daprè sa plizyè medya etranje anonse maten an.

Daprè sa Actu Cameroun rapòte, ki se yon medya nan peyi sa, li fè konnen antouraj jwè a souliye Geremi Njitap dekouvri timoun yo se pitit ansyen mari Toukam Fotso Laure te genyen ki vin fèt pandan jwè a te vin marye ak li. Sa ki grav ankò, tès ADN vin konfime sa ki ta pral oblije dam lan avwe pitit yo pa pou ansyen jwè Real Madrid la.

Geremi Njitap choke aprè dekouvèt sa. Li te pase 16 lane ap okipe 2 pitit gason ki pa pou li. Toutfwa, li rekonèt relasyon ak dam lan te vrèman enteresan men li deplore gwo manti sa fi a te kache pou fè l ap okipe pitit ki pa pou li pandan tout ane sa.

N ap souliye pou ou Geremi Njitap ki gen 45 lane te pase nan Real Madrid (1999-2003) epi Chelsea (2003-2007). Li pote koulè ekip Kamewoun lan 119 fwa. Li se yon ansyen milye teren.

Yon ansyen jwè Real Madrid mande divòs aprè l fin dekouvri madanm li t ap fè l okipe depi an 2008 pitit ki pa pou li

Dekouvri plis:

Pòtoprens, kapital bal san pa gen mizik

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Le dirigeant emblématique entame un septième mandat en raison de l’absence de concurrents lors des élections. Florentino Pérez, président emblématique du Real Madrid, a...

Sports

En deux mois, les Merengues ont renversé un déficit de 9 points pour prendre une avance de 5 points sur leurs rivaux catalans, profitant...

Sports

Le prodige brésilien incarne la domination du Real Madrid face à un Barça en difficulté. Depuis son arrivée au Real Madrid en 2018, Vinicius...

Sports

Auteur d’une passe décisive et d’un but, le Brésilien a été le grand artisan de la victoire 3-0 face à Pachuca, offrant au Real...