Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon endyen 28 lane mouri aprè ekoutè li yo eksploze pandan telefòn li ap chaje

Yon endyen 28 lane mouri aprè ekoutè li yo eksploze pandan telefòn li ap chaje

Yon endyen pèdi lavi l aprè ekoutè l yo fin eksploze pandan telefòn li t ap chaje.

Plizyè sit ewopeyen releye pou di Rakesh Kumar Nagar ki se yon jèn gason 28 lane, yon endyen, arive mouri vandredi 6 out la aprè ekoutè ki te nan zòrèy li yo eksploze pandan telefòn li t ap chaje.  Aksyon sa pase nan Udaipuria, yon vil an End.

Selon sit sa yo pami yo Yahoo.com ki t ap releye enfòmasyon an ki te konfime pa The Times of India, jenòm sa te rantre lakay li epi ta branche ekoutè yo sou telefòn li ki t ap pran chaj nan moman an.

Avèk eksplozyon an, jèn gason sa ta pral twouve l nan eta enkonsyan jistan yo mennen li lopital.

Medsen yo te remake anpil blesi nan nivo zòrèy li aprè eksplozyon sa.

Okenn otopsi pa t fè sou viktim lan pou vrèman konnen sa k ta lakoz sa, daprè sa sit ouest-france rapòte.

Sitwayen 28 an sa apèn marye. Nan moman li mouri an se prepare li t ap prepare l an liy pou l ale pase yon tès rekritman pou gouvènman endyen an.

Plizyè atik konn rapòte gen kèk etid ki ta revele gen risk lè yon moun mete kask oubyen ekoutè nan zòrèy li pandan telefòn li ap chaje. Genyen ki di telefòn lan konn eksploze, gen lòt ki revele se kask la ki konn eksploze. Nan sans sa, anpil pridans dwe fèt bò kote itilizatè yo.

Yon endyen 28 lane mouri aprè ekoutè li yo eksploze pandan telefòn li ap chaje

Dekouvri plis:

«Il faut l’implication de tout l’écosystème économique pour stabiliser le taux de change»

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Après huit mois de détention, les autorités indiennes libèrent un pigeon accusé d’espionnage. Plusieurs médias internationaux ont rapporté le week-end dernier la libération d’un...

Actualités

En Inde, un bébé naît avec une malformation rarissime et est décrit comme un miracle de la nature. Au Shahabad Community Health Centre dans...

Monde

Inde: des primates peuplant l’environnement urbain ont volé un bébé de deux mois puis l’ont noyé dans un réservoir d’eau.  Keshav Kumar c’est le...

Monde

Inde: deux singes arrêtés pour le meurtre de 250 chiens. Les autorités indiennes ont procédé à l’arrestation de deux singes accusés de meurtre. Selon...