Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Yon “forum” sou antreprenarya òganize nan Fakilte medsin inivèsite Leta a

Yon "forum" sou antreprenarya òganize nan Fakilte medsin inivèsite Leta a

Sou envitasyon Aurore, ki se yon gwoup etidyan nan Fakilte Medsin ak Famasi anndan Inivèsite Leta a, fondasyon Jean-Baptiste ki gen nan tèt li jèn politològ Kenley Jean-Baptiste te òganize yon forum gratis jou ki te 26 mas la.

Forum sa te fèt anndan oditoryòm fakilte sa, kote tèm ki te chwazi pa òganizatè yo se “Leadership et entrepreneuriat”. Forum sa te gen 3 entèvenan ki se Kenley Jean-Baptiste ki ekri liv “7 secrets pour passer de ZÉRO à HÉROS”, Mimose Félix ki se yon ansyèn minis kondisyon fanm epi Patrice Bayard ki se kofondatè Access Haïti ak DG Télé Haïti.

Entèvenan yo te sitou mete aksan sou devlopman pèsònèl. Atravè forum sa, yo te motive piblik ki te prezan an pou l pa janm lache nan sa y ap antreprann epi eseye montre yo tout sa yo dwe fè pou mete tèt yo an konfyans epi chache siksè a.

Yon forum ki te anime ak patisipasyon piblik la ki te prezan nan poze kesyon ak entèvenan yo pou pi byen konprann tematik ki t ap devlope yo.

Kenley Jean-Baptiste ki t ap reponn kesyon Juno7 fè konnen li santi piblik ki te prezan an te vrèman satisfè de forum sa

“Alò mwen santi ke piblik la te vrèman satisfè de sa. Sitou se premye fwa sa fèt nan FMP, konsèp forum de la jeunesse la yo vrèman apresye l, yo patisipe, yo montre ke g on volonte pou ke non sèlman yo nan yon branch medikal kote yo pral vini medsen men tou yo espere vini lidè antreprenè pou kapab enpakte nan sosyete a pi plis”.

Perkens Rolf Julien ki se yon etidyan anndan fakilte a epi manb gwoup Aurore ki te pran inisyativ sa te bay dizon l sou aktivite sa. Mesye Perkens fè konnen fidbak la te trè pozitif paske komite santral fakilte a te salye gwoup Aurore la epi remèsye manb yo pou mòd aktivite sa yo fèt pou premye fwa anndan fakilte a.

Perkens Rolf Julien te pwofite fè medya a konnen gen lòt aktivite gwoup Aurore konte òganize. Selon sa etidyan an di se lanse yon deba/konferans sou koze timoun yon fason pou gade kijan yo ka oryante timoun sa yo.

Pwochen aktivite “forum de la jeunesse” fondasyon Kenley Jean-Baptiste pral òganize ap dewoule nan Bibliyotèk Minisipal, vil Ench, 10 avril k ap vini la, kote ap gen kòm entèvenan Clifford Baron ak Kenley Jean-Baptiste.

Dekouvri plis:

La demi-journée du jeudi 1er avril et la journée du 2 avril déclarées congé par la présidence

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu