Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon HMI an bèt!

Yon HMI bèt!
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon endistri mizikal bèt!

Sa gen kèk tan plizyè atis nan endistri mizikal ayisyèn lan chwazi yon bèt swa pou idantifye yo oubyen idantifye yo ak fanatik yo. Nan yon premye moman, nou te jwenn rapè Wendyyy ki idantifye l ak fanatik chinwa l yo ak yon foumi. Moun sa yo pa sispann jwenn fawouch sou rezo sosyal yo lè kèk moun pa rate okazyon pou ap kalifye yo “chinwa nwa” oubyen “foumi fou”. Plizyè lòt atis fini pa atache yo ak yon bèt se ka Roody Roodboy ki gen elefan, Ken FS ki gen Panda epi dènye atis se duo Kadilak ak Bedjine ki gen èg.

Koze bèt nan HMI la pa sispann mete reyaksyon ant fanatik yo depi yè vandredi 23 fevriye a sou rezo sosyal yo aprè Kadilak fin anonse li se èg. Atis la chwazi bèt sa nan okazyon album li ak Bedjine ki pral soti nan pa twò lontan. Chantè a pa t mete dlo nan bouch li pou choute sou Pedro Force, chantè Djapot la, ki ap pare pou soti album tou. Yon deklarasyon ki ta kreye yon polemik sou rezo a ant 2 chantè yo.

Atis evanjelik la, Frè Gabe, ki li menm tou di l se yon èg, pa t rate okazyon pou l bat zèl li aprè l fin aprann Kadilak ak Bedjine soti pou l pran èg li a. Chantè evanjelik la pou ridikilize duo a pa t pran tou pou di: “pa konfonn èg ak ak pentad sou tèt kay”. Yon fason pou montre duo Kadilak ak Bedjine lan se yon pentad sou do kay, se li menm ki vrè èg la.

PIC sou bò pa l di aklè li se koulèv Anaconda pandan Costy Jay di l ap idantifye l ak fanatik li yo sou siy Sèf. Frè Gabe ki pa sispann foure pye l nan tchaka a te kontinye ap ridikilize pou l di atis yo dwe chwazi mòpyon, ravèt, pinèz tou pou idantifye yo.

N ap raple rapè Ken FS pa sispann idantifye l ak panda ki se yon jeyan manmifè ki soti nan fanmi “ursidés”. Se yon bèt ki fè pati de kanivò menm si rejim alimantè l baze sou 99% vejetal, sitou banbou.

Koze bèt nan HMI la kontinye ap kreye pil kòmantè sou rezo sosyal yo. Rete pou n konnen ki lòt bèt lòt atis ki ta anvi chwazi pral pran an. Nan ka sa HMI la ka prèske tounen yon “zoo”.

Yon HMI bèt!

À lire aussi :

Le rappeur Saint Levant rend hommage à Gaza

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Top Adlerman exprime son ras-le-bol face à l’hypocrisie existant dans l’industrie musicale haïtienne. Jean Adler Gaston connu sous...

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... Update lance sa toute nouvelle chanson : Mwen ak ou, en prélude de son album Printemps Erickson que...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... La crise sociopolitique et économique qui secoue le pays depuis des années, s’est aggravée au cours de ces...