Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Afganistan: Lekòl relouvri sèlman pou gason, fi pa ladan l

Afganistan: Lekòl relouvri sèlman pou gason, fi pa ladan l
Crédit photo : Le Figaro
Getting your Trinity Audio player ready...

Afganistan: Lekòl relouvri pòt sèlman pou gason, ti fi pa ladan l.

Jodi samdi 18 septanm lan, lekòl relouvri pòt yo nan peyi Afganistan. Yon rantre ki fèt ak 100 % gason pa gen okenn prezans fi nan lise ak kolèj yo, selon sa plizyè medya ak sit etranje rapòte. 

Se yè vandredi a ministè Edikasyon nan peyi Afganistan te anonse tout pwofesè gason ak elèv ki gen se gason ki nan segondè pral lekòl jodia. Kominike sa pa fè mansyon pou anseyan fi, liseyèn ak kolejyèn. Yon desizyon ki tou mete sou kote ti fi yo pou ta gen chans eskolarize. 

Desizyon Taliban yo fè UNICEF voye pye epi deplore konpòtman sa ki mete fi yo sou kote nan sa k gen pou wè ak pen lenstriksyon. Anndan yon kominike UNICEF, enstans lan fè konnen li esansyèl pou tout kategori moun reprann chimen lekòl epi pou anseyan fi yo kontinye ap anseye. 

Henrietta Fore ki se direktris egzekitif anndan UNICEF salye reyouvèti lekòl la pandan li souliye ke fi yo pa dwe rete sou kote. Ajans onizyèn lan li menm pou konkli kominike l la te endike an lespas 20 lane kantite lekòl nan peyi sa triple epi chif timoun ki eskolarize pase de 1milyon a 9,5 milyon. 

Si Taliban yo te rasire kominote entènasyonal la ke dwa fanm ap respekte. Se tout afè kontrè kote desizyon yo koumanse ap montre jan medam yo presire pa rejim lan.

Si medam yo gen chans ale nan inivèsite, men yo dwe vwale, kouvri tout kò yo, pa nan menm sal ak gason yo epi soti nan sal inivèsite a avan gason yo.

Taliban yo entèdi mizik, ap fè represyon. Sa ki montre piti piti se menm rejim bout di a k ap enstale kò l sou Afganistan jan li te ye 20 tan avan ameriken te chase yo sou pouvwa a.

Afganistan: Lekòl relouvri sèlman pou gason, fi pa ladan l

Crédit photo : Le Figaro

Dekouvri plis:

A quand une vraie politique d’intégration des personnes en situation de handicap

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afghanistan: les talibans ont interdit aux hommes et femmes de manger ensemble au restaurant dans la ville d’Hérat. ...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afganistan: les Talibans interdisent aux barbiers de la province Helmand de raser la barbe de leurs clients. Plusieurs...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Taliban yo nan yon dekrè egzije pou etidyan fi yo pote vwal epi pa nan menm sal ak...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afganistan: Non konplè ak laj 13 sòlda ameriken ki mouri nan atanta ayewopò Kaboul la Jedi 26 out...