Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Akademi Kreyòl Ayisyen ap rekrite etidyan finisan nan FLA ak FDSE

Akademi Kreyòl Ayisyen ap rekrite etidyan finisan nan FLA ak FDSE

Akademi Kreyòl Ayisyen  ap rekrite etidyan finisan nan Fakilte Lengwistik Aplike ak Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik 

Nan yon nòt li mete deyò, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse pwosesis rekritman pou etidyan finisan nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) ak Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE). Etidyan y ap gen pou chwazi atravè pwosesis rekritman an, ap jwe wòl «asistan editoryal» nan kad elaborasyon yon diksyonè tèminoloji jiridik. 

Yon kandida ki vle patisipe dwe respekte kritè sa yo: bay prèv li se etidyan finisan (ki nan dènye fòmasyon oubyen ki konplete pwogram etid li nan 2 fakilte UEH sa yo), gen abilite pou travay ak lojisyèl «Microsoft office», word, Excel ak PowerPoint epi gen konesans nan lòt domèn syans imèn. 

Met sou sa ki mansyone pi wo yo, kandida yo dwe bay pyès sa tou selon sa k ekri nan nòt la: Yon lèt motivasyon, yon CV, yon lèt rekòmandasyon ki siyen pa yon otorite akademik, fotokopi dokiman tankou atestasyon, diplòm ak sètifika ki pwouve pwofil kandida a satisfè egzijan Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Dat limit pou kandida yo depoze pyès yo se mèkredi 27 avril k ap vini la. Yo dwe fè sa avan 3 è nan aprèmidi nan biwo pwovizwa AKA a ki twouve l nan 31 Ri Babyòl Lokal Fany Villa.

Akademi Kreyòl Ayisyen ap rekrite etidyan finisan nan FLA ak FDSE

Dekouvri plis:

Ce samedi un “HALO Lunaire” a été observé dans le ciel.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

An kreyòl

Lis non 10 nouvo Akademisyen ak yon konseye konsiltatif ki enstale nan tèt Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA). Nan yon seremoni enstalasyon ki fèt...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an. Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt...

Actualités

Le conseil de direction de la Faculté des Sciences (FDS) condamne l’incident  survenu à la  cérémonie de remise de clés des nouveaux bâtiments Le...

Actualités

Le doyen de la FDSE, Elie Méus, est monté au créneau pour dénoncer la répression au sein de l’UEH et tance le pouvoir exécutif....