Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

André Michel deklare moun k ap frape l yo pa fouti gouye plim sou do l paske l pa gen move dosye

André Michel deklare moun k ap frape l yo pa fouti gouye plim sou do l paske l pa gen move dosye
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Mèt André Michel ki se pòt pawòl SDP deklare moun k ap frape l yo pa fouti gouye plim sou do l paske l pa gen move dosye.

Depi aprè lanmò Jovenel Moïse 7 jiyè pase rive jis nan akò politik 11 septanm lan kote SDP fè pati akò sa a, anpil moun pa sispann kritike Sektè Demokratik la pou pozisyon epi choute sou mèt André Michel ki toujou ap pale nan non Sektè a. Nan sans sa, avoka militan an soti nan silans atravè yon mesaj sou kont Facebook li pou l di moun k ap frape l depi 7 mwa yo poze, yo pa fouti gouye plim sou do l.

Opozan fawouch rejim PHTK a konsyan gen anpil atak l ap sibi chak jou ki jou. Nan koumansman mesaj la, li fè konnen malgre frap sa yo, yo pa fouti jwenn yon dosye sou li. “Mwen pa konn touye moun. Mwen pa t janm nan dwòg, mwen pa janm nan koripsyon. Mwen pa gen okenn move dosye”. Pou avoka a, moun sa yo se tan y ap pèdi paske li ajoute pou l di: “pa gen bagay serye yo ka di sou mwen”.

Mèt la kontinye pou l di li pa fè anyen ki pa sa nan peyi a. Mèt André Michel vante tèt li pou l kalifye l kòm yon moun ki pwòp, ki pa nan krim epi souliye li pa gen lajan Leta nan men li.

Ansyen kandida pou pòs prezidan an voye yon piga bay moun li estime ki se detraktè k ap frape l depi 7 mwa pou l di yo atansyon, pito yo poze, li konn tout dosye yo. “Mwen konnen yo nan dwòg. Mwen konnen yo konn touye moun. Yo gen anpil vye dosye sou do yo. Mwen vle di yo poze. Poze! Poze! Poze!”

Anndan mesaj sa, André Michel avèti moun sa yo l ap pale ak yo si yo pa poze. San fè okenn pèsonalite, li fè konnen moun sa yo se ansyen kanmarad konba li paske yo te konn kanpe nan menm ekip ak li.

André Michel raple ak moun sa yo li gen avantaj pa gen okenn dosye, li konnen dosye yo epi li pq janm pè moun sou latè menm si li respekte anpil moun. Pandan l fini pou l di yo, lè l ap deside atake se pa moun y ap voye devan yo l ap pase pran, se konsène yo dirèkteman.

André Michel deklare moun k ap frape l yo pa fouti gouye plim sou do l paske l pa gen move dosye

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 15 janvier 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul. Antèman jounalis Lilianne Pierre...

Politique

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) réitère son appui au Premier ministre Ariel Henry et à sa demande de déploiement d’une force multinationale en...

Aktyalite AN KREYÒL

Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn sa k pase. Lendi maten 19...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...