Connect with us

Hi, what are you looking for?

Nécrologie

Ansyen depite Tertius Tanis mouri apre yon malèz

Tertius Tanis

Ansyen depite komin Limonad la, Tertius Tanis, mouri yè swa vandredi 28 me 2021 an, bò 9 è, apre yon malèz.

Selon sa yon pwòch  depite a fè konnen ak yon redaktè Juno7, Tertius Tanis te gen ti malèz tankou tous ak pwoblèm respiratwa, sa ki te pouse l ale fè tès kowona, tès sa te soti negatif. Ansyen depite a te retounen lakay li, men pwoblèm lan te vin anpire akoz tous la ki te toujou kontinye ak pwoblèm respiratwa a ki te toujou ap ba l pwoblèm.

Sa ki ta pral pouse fanmi li mennen l nan yon lopital nan kapital la pou pran oksijèn, li t ap pran sewòm tou. Youn nan manb fanmi depite a ki pale ak jounal la fè konnen li pa an mezi di si ansyen depite a mouri nan kowona ou pa. Rezon an paske premye tès yo te di li negatif.

Toutfwa li di li pa an mezi konfime ant lè yo te di rezilta yo negatif la si gen evolisyon ki te vin fèt pou ta di ansyen depite a te gen kowona. Pou kounya kò Tertius Tanis twouve nan yon mòg anndan kapital la, toujou selon pwòch ansyen depite a.Tertius Tanis se yon agwonòm epi PDG yon fèm agrikòl ki rele AGRIFAZ. Li mouri a 45 lane epi kite 3 pitit , 2 fi ak 1 gason.

À lire aussi:

Haïti et la République dominicaine ont trouvé un accord sur l’eau transfrontalière de la rivière Massacre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

A l’instar de plusieurs autres acteurs politiques, le Président de la chambre des députés, Gary Bodeau semble être en train d’observer avec peine l’aggravation...

Politique

Tel que prévu par la constitution amendée de 1987, sénateurs et députés se sont réunis en assemblée nationale, ce lundi 9 septembre 2019, pour...

Politique

Dans moins de 24 heures, le Premier ministre nommé Fritz William Michel dont la déclaration de politique générale a été ratifiée la semaine écoulée...

Politique

Qui l’aurait cru? En dépit de l’incertitude qui entourait la tenue de la séance de ratification de l’énoncé de politique générale du Premier ministre...