Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

Atak nèg ak zam nan Matisan: yon jounalis ki te temwen nan bis la ap eksplike

Martissant / Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo

Atak nèg ak zam nan Matisan: yon jounalis ki te temwen nan bis la ap eksplike.

Ganthier Samuel Jn Petrus, jounalis espòtif nan radyo Vizyon 2000 viv yè lendi 27 desanm lan yon aprèmidi kochma nan zòn Matisan kote nèg ak zam tire sou plizyè machin ki t ap pase epi lakoz 4 moun mouri ak plizyè lòt blese. Konfrè jounalis sa ki te twouve l nan youn nan machin yo atake yo te fè yon ti pale ak Juno7.

Ganthier Samuel eksplike pou l di nan bis li te ye a gen yon sèl moun ki mouri pa gen blese. Moun sa te chita devan nèt bò kote chofè a, li menm li te nan do viktim lan. Moun sa selon Ganthier Samuel se yon isye nan tribinal Kafou.

Bis jounalis lan te ye a t ap soti Pòtay pou ale Kafou. Chofè a te fè yon ti kanpe pou kontwole sitiyasyon an. <<Li t ap sòti Pòtay pou li ale Kafou. Avan, li te kanpe bò plas Matisan an menm jan ak yon pakèt lòt machin pou te kontwole avan yo pase pou li te ka vin Kafou>>, pawòl Ganthier Samuel pou montre tout peripesi yon chofè pase avan l gen chans travèse kafou lanmò sa ki bay dan ak tèt fè mal ak moun k ap travèse l.

Aprè ti eskal sa, chofè bis Ganthier Samuel te ye a te deside pran wout la sou kont Bondye bon n ap rive kanmèm. Se nan moman sa tire ta pral redemare epi tèt yon pasaje nan bis konfrè jounalis la te ye a pral gaye.

“Aprè 1èd tan kanpe pa t gen tire ankò. Gen 2 chofè ki deside ouvri vwa a. Nan moman sa, tout machin ki te kanpe deside suiv yo ki vinn kreye yon blokus. Wout la pa bon se yon sèl vwa ki bon. Plizyè machin ale, nan machin mwen te ye an, lè m rive nan 7 la, nan dlo a, kòm te gen plizyè machin devan nou, chofè a ap avanse se nan moman sa nan vye kay kraze yo mwen te remake plizyè nèg ak zam nan men yo. Gen youn Ki pwente sou chofè a li di l kanpe la, chofè a kanpe epi sa pa pran menm yon minit m jis tande yon bri epi mwen santi ti bagay frèt vole sou mwen”.

Ti bagay frèt sa, Ganthier Samuel te panse se dlo sal paske Matisan se yon kote ki chaje dlo, sa ka rive ou anndan machin lan epi dlo ak labou vole sou ou. “Nan tèt pa m se dlo sal, epi mwen bese tèt mwen epi chofè a ale li kite 7 la. Lè moun yo leve tèt yo menm jan avè m nou rann nou kont se tèt yon moun Ki eklate epi mwen reyalize se pa t dlo sal ki te vole sou mwen men pito ti kal sèvel”.

Se premye fwa konfrè sa viv bagay sa sou wout Matisan. Daprè Ganthier Samuel se bò goch ki te brake sou bis la pou di chofè a kanpe men pasaje a pran bal la sou bò dwat li. Se aprè kout bal sa tou chofè a te tou derape.

Gen lòt moun ki mouri

Si Ganthier Samuel viv yon sèl ka lanmò nan machin li te ye a. Nèg ak zam yo pa t rete kanpe ak demonstrasyon yo. Twa lòt moun pèdi lavi yo sou wout la nan menm atak sa. Selon konsta jij sipleyan tribinal de pè Kafou a, Frantz Mérantus, gen Pierre Jean-Wilmane, Medjine Dupuy, Génesté Jean Dieulien ak yon lòt kò ki pa idantifye paske pa t gen pyès.

Aprè evènman sa, Ganthier Samuel fè konnen moral li ba men pa a zewo paske selon sa l di li te atann sa ka rive yon jou kanmèm menm kan li pa t panse se konsa sa ta ye pandan l ajoute pou l di: “Mwen ap fè tout posib mwen pou m kite evènman sa dèyè malgre tèt mwen ap jwe m dè tou, mwen ap reviv sèn yo tankou son w bagay videyo ki sou Replay”.

André Michel fè twit sou sa k pase a

Aprè zak malonèt sa ki detwi vi 4 moun. Pòt pawòl SDP a, Mèt André Michel, te reyaji sou kont Twitter li pou fè konnen pouvwa gang yo genyen an montre feblès enstitisyon polis la ak estrikti ransèyman yo ki pa egziste. Mèt André Michel fè konnen sa n ap viv la se bilan ekip PHTK a epi deklare peyi a bezwen yon gran minis enteryè ki ka kanpe koze sa.

Martissant / Anviwon 44 jou aprè, moun Matisan toujou pa ka rantre lakay yo akoz afrontman gang yo

Dekouvri plis:

Haïti: l’essentiel de l’actualité du mardi 28 décembre 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Anviwon 44 jou, abitan nan Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo po ko janm ka rantre lakay yo, akoz afrontman gang yo Fas...

Insécurité

l’Hôpital Communautaire de Référence De Raoul Pierre Louis d’Arcachon 32 dénonce l’assassinat par balle, à Martissant, de l’infirmière Virgile Lornarose FILS-AIME. Dans une note...

Aktyalite AN KREYÒL

Gouvènman an nan yon konferans pou laprès li bay yè vandredi 25 jen an, nan lokal Ministè Travo Piblik, anonse ak popilasyon an jefò...

Aktyalite AN KREYÒL

Depi anviwon 4 jou Matisan ak zòn ki anviwonnen li yo prèske enpratikab akoz nèg ak zam k ap twoke kòn yo. Gwoup sa...