Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Matisan: Nèg ak zam tire sou tèt yon gwoup jounalis medya an liy epi kraze telefòn yo

Matisan: Nèg ak zam tire sou tèt yon gwoup jounalis medya an liy epi kraze telefòn yo

Depi anviwon 4 jou Matisan ak zòn ki anviwonnen li yo prèske enpratikab akoz nèg ak zam k ap twoke kòn yo. Gwoup sa yo se gang Ti Bwa ak Gran Ravin pou kesyon kontwòl teritwa.

Yon gwoup jounalis agrese pandan y’ap sot fè travay yo

Batay sa lakoz anpil abitan nan zòn Matisan kote ki gen konfli ame yo kite lakay yo pou ale pran refij sou plas piblik Fontamara 43, genyen ki menm mache a pye san okenn destinasyon vrèman pou ale Kafou, Gresye elatriye

Nan sousi pou rekeyi enfòmasyon nan men sitwayen sa yo ki kite kay yo, gwoup jounalis sa ki te gen ladan l Guerking Souffrant PDG Passion Info Plus, Kenny Petit Frère, Amady elatriye te brave danje sou wout rantre sid kapital la epi ale pran temwanyaj moun sa yo k ap dòmi “à la belle étoile”.

Nan ti pale ak Guerking Souffrant, li fè jounal la konnen se nan retounen aksyon sa pase, kote nèg yo tire sou tèt li, kraze telefòn.

Aksyon sa pase nan Matisan 7 ak 23 kote nèg ak zam yo kanpe gwoup jounalis yo epi mande yo kote yo soti. Selon konfrè Guerking, nèg sa yo te parèt trè agresif nan langaj yo.

Se prèske men anlè moun pase sou wout Matisan

Depi lè afwontman sa yo demare li vrèman difisil pou pase anba a. Dèfwa fòk 2 men w ret anlè nèt jistan w fin pase sinon ou riske pran bal. Konpòtman sa fè anpil moun ap mande si se pa nèg ak zam sa yo k ap enpoze lwa yo nan anpil kote nan peyi a.

Okenn otorite nan peyi a poko janm pwononse yo sou sa k ap pase nan rantre sid kapital la ki lakoz 4 depatman prèske dekonekte ak kapital la sa ki ta lèse moun ap pote divès kritik kont moun k ap dirije yo ki gen pouvwa desizyon yo men ki pèdi lapawòl depi lè batay sa eklate.

Dekouvri plis:

5 Juin 1862: reconnaissance de l’indépendance d’Haïti par les Etats-Unis

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Atak nèg ak zam nan Matisan: yon jounalis ki te temwen nan bis la ap eksplike. Ganthier Samuel Jn Petrus, jounalis espòtif nan radyo...

Insécurité

Anviwon 44 jou, abitan nan Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo po ko janm ka rantre lakay yo, akoz afrontman gang yo Fas...

Insécurité

l’Hôpital Communautaire de Référence De Raoul Pierre Louis d’Arcachon 32 dénonce l’assassinat par balle, à Martissant, de l’infirmière Virgile Lornarose FILS-AIME. Dans une note...

Aktyalite AN KREYÒL

Gouvènman an nan yon konferans pou laprès li bay yè vandredi 25 jen an, nan lokal Ministè Travo Piblik, anonse ak popilasyon an jefò...