Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Atros Rockfam bay enpresyon pal sou kriz bilateral ant Repiplik Dominikèn ak Ayiti parapò ak konstriksyon kanal la

Atros Rockfam bay enpresyon pal sou kriz bilateral an Ayiti ak Sendomeng parapò ak konstriksyon kanal la

Atros Rockfam bay enpresyon pal sou kriz bilateral an Ayiti ak Sendomeng parapò ak konstriksyon kanal la.

Nan peyi ki pataje fwontyè yo, jan de pwoblèm sa yo toujou rive. Se sak fè dwa entènasyonal piblik la prevwa sa yo rele “akò” oubyen “trete” pou yo ka jere jan de litij sa yo ki ka mete 2 peyi vwazen nan gwo diskisyon. Nan ka pa nou an,  atik 10 nan trete fevriye 1929 la te Klè pou l di : “Pou sa ki gen rapò avèk rivyè oubyen koudo ki gen sous li nan yon teritwa e ki travèse lòt teritwa a, oubyen tou ki ta sèvi fwontyè ant 2 peyi yo, 2 peyi ki siyen trete sa antann yo pou  yo pa fè okenn travay ki kapab devye trajektwa dlo a.

Men sa pa anpeche ke 2 peyi say o itilize dlo sa swa pou wouze tè pou yo plante oubyen lòt aktivite agrikòl, san fòs kote. Se nan sans sa RD li menm te chwazi fè 11 priz sou larivyè a pou li ka awoze tè pa l yo pou l ka pwodui manje pou pèp li, San li pa devye trajektwa rivyè a. E Ayiti li menm aprè plis pase 90 zan deside yon fwa pou tout itilize dlo rivyè masak la Pou awoze tè nan plenn maribawou ki ka pèmèt Nou fè anpil manje, ki ka pèmèt Nou vin plizoumwen otosifizan.

Men fòk Nou pa bliye tou ke Ayiti se youn nan pi gwo kliyan RD, sa vle di sa tap toujou deranje yo paske nou pap oblije achte menm kantite manje a nan men yo ankò. Abinader li menm estime ke konstriksyon kannal la se yon gwoup moun (anachis)  ki gen pwoblèm ak gouvènman ayisyen an ki chwazi fè kannal la, ki se yon fo pretèks. E menm si se ta sa vre, ki dwa Abinader genyen pou l ta ouvri bouch li nan bagay entèn peyi Dayiti? Nan relasyon entènasyonal, yo rele sa ENJERANS.

Sa ki pi tris nan bagay la sèke nan mwadme 2021 komisè ministè Zafè etranjè ke RD te bay misyon Pou diskite avèk Ayiti yo te rekonèt ke konstriksyon kannal la pa reprezante okenn menas pou larivyè a, kidonk Nou te genyen kat blanch pou travay yo te kontinye sou bò pa nou an. Se byen domaj aprè lanmò Prezidan Jovenel an jiyè 2021, pou yon rezon ke jiskaprezan pèsòn pa ka di ke yo konnen, travay sou kannal larivyè masak la te rive kanpe menm jan avèk tout lòt pwojè ke prezidan an te gentan tanmen nan tout kwen peyi a.

Nou vle pale de wout Kafoujòf-Pòtpe a, wout ki relye Platosantral  ak depatman Nò a, mòn chyen nan Omòl, baraj Maryon an, Izín kouran nan Nòdwès la, ayopò entènasyonal pòtpe a, Santral kouran kafou a, Santral kouran Lèziwa ki te gentan fini, Pwojè wout nan Grandans, Izín asfalt nan Okay la, izín asfalt nan Nòdwès ak Nòdès la, izín asfalt yo te boule nan latibonit la ak anpil lòt travay ankò.

Jounen jodia, mwen vle pran tan poum salye kouraj moun Wanament ansanm ak tout ayisyen ki pote kole nan fason pa yo pou travay kannal la fèt. Mwen pa gen mo poum di nou sam santi pou nou, map sèlman di nou kenbe rèd pa moli paske pèp kap goumen pa konn pèdi batay. KANNAL LA PAP KANPE!!!

https://fb.watch/nrN3wlF5EA/?mibextid=v7YzmG

Telfort “Atros” Stevenson, 18/09/23

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mardi 3 Octobre 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

La Fondation Lorquet pour une Nouvelle Haïti (FOLONHA) félicite l’initiative du peuple haïtien de renforcer la production agricole. Depuis l’initiative de contruire un canal...

Aktyalite AN KREYÒL

DJ Tonymix atravè fondasyon Tonymix fè don yon milyon goud pou konstriksyon kanal la. Tony Mahotière anpil moun konnen sou non Tonymix te debake...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon ansyen minis afè etranjè dominiken deklare gouvènman lakay li fè yon pakèt erè nan jesyon konfli konstriksyon kanal sou rivyè Masak la. Miguel...

Actualités

Claude Joseph répond aux déclarations de l’ambassadeur de la RD en Haïti l’accusant d’être le principal auteur du canal sur la Rivière Massacre. L’ancien...