Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Afrik di Sid: Dam ki te swadizan akouche 10 timoun yo pa t janm ansent vre, lapolis arete l

Afrik di Sid: Yon dam 37 lane fè 10 timoun yon sèl kou

Semèn pase yo, plizyè jounal nan kontinan Afriken an te fè konnen Giosame Sithole akouche 10 timoun (7 gason ak 3 fi). Eben dam sa twonpe vijilans anpil moun paske li pa t janm ansent vre.

Selon dènye enfo k ap sikile yo, moun vin dekouvri dam sa se yon mantèz, li pa t janm ansent alevwa pouse 10 timoun. Yo menm kalifye “Menteuse pathologique”.

Dam sa menm arive fè bè l apre l te fin anonse li pouse 10 timoun. Selon plizyè medya fanmi l te arive kolekte 70 mil dola don nan men bon samariten ki te vle ede l apre yo fin tande nouvèl la.

Advertisement. Scroll to continue reading.

Dout sou akouchman an vin vini apre kesyònman mari dam lan ki pa t janm ka wè timoun sa yo. Teboho Tsotetsi ki te swadizan papa 10 timoun envante sa yo, te atire atansyon moun pou di se yon mansonj madanm li envante ak fanmi l pou fè lajan.

Se la tou ke lapolis ta pral arete dam sa, mennen li nan sant sikyatrik. Apre egzamen medsen ki te sou li, yo dekouvri dam sa pa t janm ansent alevwa gen 10 ti lèzanj anndan vant li.

Malyèn lan Alissa Cissé toujou kenbe rekò manman ki fè plis timoun yon sèl kou, kote li te pouse 9 timoun nan yon lopital nan peyi Mawòk.

Afrik di Sid: Yon dam 37 lane fè 10 timoun yon sèl kou

ekouvri plis:

Franckétienne, Emmelie Prophète et Louis Dalembert honorés par l’Académie Française

Advertisement. Scroll to continue reading.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

 Classement FIFA: le Brésil toujours en tête, l’Albiceleste deuxième, les lions de l’atlas montent à la onzième place., Haïti ne bouge pas et reste...

Sports

 Le Maroc renverse le Portugal (1-0) et devient le premier pays du continent africain à atteindre une demi-finale de coupe du monde. Le Maroc...

Monde

 19 morts lors de 2 fusillades dans 2 bars situés dans le quartier de Soweto et de Pietermaritzburg en Afrique du Sud. Une fusillade...

Monde

 Maroc: tombé dans un puits il y a cinq jours, le petit Rayan âgé de cinq ans est retrouvé mort. Le cabinet royal marocain...