Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Dekouvri Psychoraaap ak yon nouvo mizik li ki rele “Zanmi”

Dekouvri Psychoraaap ak yon nouvo mizik li ki rele "Zanmi"

Psychoraaap se non yon jèn rapè ayisyen ki soti yon nouvo mizik ak tout videyo ki rele “Zanmi“. Jèn sa atis sa ki gen pou bon non Darryll Jean-Baptiste ap viv Massachusetts, te pale ak redaksyon Juno 7 sou mizik la, lavi l, modèl li nan rap, pwojè li genyen. An n li ansanm

Juno7: Prezante nou kiyès ki Psychoraaap la, kote l soti, ki bon non l?

Psychoraaap se yon jèn rapè ayisyen k ap evolye Massachussets. Li se yon enjenyè son, yon powèt. Li fèt 22 aout 1996, li grandi Dèlma 31. Bon nom mwen se Darryll Jean-Baptiste.

Juno7: Kote non Psychoraaap la soti?

Psychoraaap: Se epòk BBM, lè m ap tande mizik, li toujou parèt sou estatim epi yon bon jou nan yon gwoup tchat, g on moun ki di yow Darryll ou toujou ap tande rap wi man Alcool lè dj ekri ah misye s on Psycho rap li menm epui boom non an tou rete.

Juno7:Depi kilè ou nan mizik?

Psychoraaap: Mwen te koumansse nan mizik kòm dj m ka di depui 12,13 an, men mwen koumansse rap a 16 17 an.

Juno7: Pale nou nouvo mizik ou a ki titre “Zanmi”

Psychoraaap: ZANMI  se youn nan mizik mwen fè ke m satisfè de li anpil paske li jwe sou karaktè pèsonèl mwen. Mizik pa t sèlman fèt pou blag. so mizik sa m son nèg ki alèz ak tout moun depi w montre m vrè figi w. Ou pa oblije gen menm tanperaman ak yon moun pou w zanmil…. s on bagay m toujou ap di avèk eksepsyon kanmèm.

Juno7: Sa k pouse w fè yon mizik konsa?

Psycho: gen 2 rezon ki te pouse m fè mizik sa:
1e rezon an se paske mwen te vle pale de tout tip zanmi majorite nan nou genyen. 2èm rezon se jis paske m vle moun konprann ke se pa paske moun nan pa pafè ki fè l pa ka zanmi w.

Juno7: Nan ki rejis pou yo klase w èske ou se rapè, chantè konpa elatriye? Epi ki stil mizik ou chante plis èske se mizik lanmou, sosyal, showbiz?

Psychoraaap: Mwen klasifye m kòm rapè. mwen fè plis trap ke lòt bagay, men mwen gen mizik nan tout stil. Mwen pa limite enspirasyon m ak talan m.

Juno7: Kiyès ou pran kòm modèl nan sektè a?

Psychoraaap: K-Lib , 47.

Juno7: Konbyen mizik ou  gen deja nan repètwa ou?

Psychoraaap: M ka di mwen gen 30 mizik deyò epi yon 20 ki poko soti.

Juno7: Ki nouvo pwojè ou genyen aprè zanmi an?

Psychoraaap: Apre zanmi an, m konte prezante yon mixtape k ap rele INTRO k ap trè enteresan.

Juno7: Yon mesaj pou n fèmen entèvyou a?

Psycho: KWÈ NAN TÈT OU. NO MATTER WHAT.

Dekouvri plis:

Yon lòt fwa ankò liseyen yo pran lari pou egzije pwofesè nan sal klas yo

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

La France et l’Agence Française de Développement soutiennent le secteur culturel en Haïti à travers un projet intitulé Tanbou. L’ambassadeur de France en Haïti,...

Voyage

Money.co.uk classe Haïti parmi les 50 pays les plus attractifs de la planète Et voilà une bonne nouvelle pour le pays! Haïti est classée...

Cinéma

Queen Christie de son vrai nom Christelle Étienne veut faire carrière dans le cinéma à travers des web-séries afin d’exprimer sa joie, ses rêves...

Actualités

Emmelie Prophète Milcé prend les rênes du  ministère de la culture et de la communication Le premier ministre Ariel Henry a procédé, ce lundi...