Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dezyèm jounen afwontman ant nèg Ti Bwa ak Gran Ravin

Dezyèm jounen afwontman ant nèg Ti Bwa ak Gran Ravin

Jodi mèkredi 2 jwen an fè dezyèm jounen depi baz gang Ti Bwa ap twoke kòn yo ak baz gang Gran Ravin.

Matisan bloke, nan antre Sid kapital la bloke depi madi 1e jen. moun kap pase nan zòn sa oblije pentad kò yo osnn pete kouri paske bal ap simen tribò, babò. Sitiyasyon tansyon sa ki demare depi yè madi aprèmidi fè sikilasyon an prèske paralize kote kout zam pa sispann chante ki kreye panik lakay moun ki abitye pase nan zòn sa swa pou ale lekòl, travay elatriye.

Tout dènye enfo nou ka fè konfyans lèse kwè se pou kontwòl zòn Matisan 1 ak 7 ki fè lagè sa deklannche ant 2 gwoup gang sa yo. Toujou selon menm enfo yo ta gen pou pi piti 5 moun mouri nan kad atak sa yo.

Nan yon odyo k ap sikile sou Watsap, Jimmy Chérisier tout moun konnen sou non Babekyou envite chèf gang Ti Bwa a, Krisla, ak chèf gang Gran Ravin lan, Ti plali epi Izo ki se chè Vilaj de Dye pou fè lapè. Se atravè yon apèl konferans chèf G9 la t ap pale ak 2 lòt kanmarad li yo.

Jounal la pa an mezi konfime konbyen viktim ki genyen bò kote chak baz oubyen si pa genyen. Toutfwa sitiyasyon an parèt trè konplike sou wout Sid kapital la kote si yon moun pa gen ijans oubyen reziye ou p ap travèse zòn sa.

Dezyèm jounen afwontman ant nèg Ti Bwa ak Gran Ravin

Dekouvri plis:

Le gouvernement accélère le processus de livraison de pièces aux haïtiens vivant au Chili

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Powèt Ricardo Boucher òganize yon atelye ekriti pou jèn ki soti nan plizyè katye popilè tankou Gran Ravin, Tibwa, Kafoufèy, Fò Mèkredi, Solino, Fò...

Sécurité

Deux membres du gang de Grand-Ravine dirigé par “Ti Lapli” arrêtés par les agents de l’ordre dans le département des Nippes. La coordination de...