Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Powèt Ricardo Boucher òganize yon atelye ekriti pou jèn ki soti nan Gran Ravin, Tibwa, Solino ak Bèlè

Powèt Ricardo Boucher òganize yon atelye ekriti pou jèn ki soti nan Gran Ravin, Tibwa, Solino ak Bèlè

Powèt Ricardo Boucher òganize yon atelye ekriti pou jèn ki soti nan plizyè katye popilè tankou Gran Ravin, Tibwa, Kafoufèy, Fò Mèkredi, Solino, Fò Nasyonal, Bèlè elt.

Powèt Ricardo Boucher pran inisyativ pou òganize yon atelye ekriti anba tèm: ‘’Port-au-Prince se repeuple en poèmes’’ ki kòmanse depi 20 jen k ap bout dimanch 25. Aktivite sa ap dewoule nan lokal Kitmédiathèque ki twouve l nan blòk Tijo. Anviwon 17 jèn ki soti nan divès katye popilè tankou Gran Ravin, Tibwa, Kafoufèy, Fò Mèkredi, Solino, Bèlè, Fò Nasyonal ap patisipe nan atelye sa k ap kowòdone pa Samuel Suffren. Nan yon ti pale ak redaksyon jounal la, inisyatè aktivite a te eksplike ak ki objektif li fè yon bagay konsa.

“Objektif la, se inisye jèn yo nan ekri pwezi, jèn k ap viv nan katye popilè sitou. Pi gwo travay la, se yon travay sansibilizasyon atravè literati/ pwezi sou kesyon konfli katye k ap manje nannan pòtoprens”, se konsa Ricardo Boucher te reponn pou montre kote objektif atelye a soti pandan l te souliye tou yon bann jèn nan katye popilè yo te konn ap mande l òganize yon aktivite parèy.

Aktivite sa gen plizyè lòt moun ki bay kout men pou l yon reyisit tankou Wood-Jerry Gabriel ki te fè yon entèvenasyon sou s ak gen pou wè ak figi estil, ekriti otomatik epi Kav-Alye Pierre ki te fè yon entèvansyon sou enpòtans kò nan li pwezi, nan di pwezi, selon sa Ricardo Boucher fè nou konnen.

Bò kote pa Ricardo Boucher ki pran inisyativ sa, pandan semèn atelye ekriti sa, li diskite sou pwezi, sou literati ak patisipan yo. Li fè yo fè ekzèsis ekriti epi korije sa yo ekri ansanm ak yo. “Se ede jèn ki renmen rap, ki renmen Slam ki vin patisipe nan atelye a konprann pa gen posiblite pou renmen rap, pou slam san w pa renmen pwezi”, se deklarasyon jèn powèt la.

Ricardo Boucher te pwofite detaye pou nou pwogram ki gen pandan semèn atelye ekriti a kote nan yon premye moman yo etidye figi estil klasik, tradisyonèl ak patisipan yo…Pa ekzanp: Metafò, pèsonifikasyon, konparezon, oxymò, pawonomaz. Nan yon dezyèm moman yo etidye Punchline ki se yon figi estil kontanporen epi fè patisipan yo fè ekzèsis.

Demen dimanch lan, atelye a ap fini ak yon (Lecture-Spectacle) k ap fèt ak diferan tèks patisipan yo ekri pandan atelye a.

Ricardo Boucher fè konnen feedback yo trè pozitif paske patisipan yo satisfè. Li te pwofite remèsye FOKAl, Kitmédias, Junior Neptune ak Frantz Providence ki pote sipò yo nan yon fason oubyen yon lòt pou pèmèt atelye sa reyisi.

Powèt Ricardo Boucher òganize yon atelye ekriti pou jèn ki soti nan Gran Ravin, Tibwa, Solino ak Bèlè

Dekouvri plis:

Environ 47 fonctionnaires honorés à l’occasion de la journée mondiale de la fonction publique

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Deux membres du gang de Grand-Ravine dirigé par “Ti Lapli” arrêtés par les agents de l’ordre dans le département des Nippes. La coordination de...

Culture

Le poète Ricardo Boucher, boursier des “résidences par 4 chemins” nous parle de son projet Carte Postale. Le jeune poète Ricardo Boucher fait partie...

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi mèkredi 2 jwen an fè dezyèm jounen depi baz gang Ti Bwa ap twoke kòn yo ak baz gang Gran Ravin. Matisan bloke,...