Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande pou moun pa pran lanmè sou kot Sid peyi a jiska nouvèlòd

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande pou moun pa pran lanmè sou kot Sid peyi a jiska nouvèlòd
Getting your Trinity Audio player ready...

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande pou moun pa pran lanmè sou kot Sid peyi a jiska nouvèlòd epi pou yo rete veyatif.

Nan yon nòt li mete deyò jodi vandredi 23 jen 2023 a, Direksyon Pwoteksyon Sivil mande maren, amatè ak kaptenn bato, pechè, operatè kabotaj, plezansye ak lòt moun ki konn pran lanmè, pou yo kanpe sou aktivite lanmè yo nan kot Sid peyi a, jiska nouvèlòd. Desizyon sa se akoz move tan epi pasaj tanpèt Bret sou Karayib la.

“Apati jodi vandredi 23 jen 2023 a, Sèvis Maritim ak Navigasyon Ayiti (Semanah) mete entèdiksyon sou tout aktivite sou lanmè a, sitou vwayaj ak operasyon kabotaj, sou tout kot Sid peyi jiska nouvèlòd”, se sa ki ekri sou sit Direksyon Pwoteksyon Sivil Ayiti.

Otorite yo mande popilasyon nan tout 10 depatman peyi a, sitou moun ki rete nan zòn malè pandye yo, tankou bò lanmè, bò rivyè, bò ravin, nan flan mòn, pou kontinye rete veyatif. “Se vre sant siklòn nan ap pase sou lanmè lwen kòt Sid Ayiti, men sa p ap anpeche li lakòz lapli sou peyi a sitou nan depatman Sid pandan finisman semenn nan”, se sa nòt la fè konnen.

Responsab Pwoteksyon Sivil yo mande tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, toujou pran anpil prekosyon epi kontinye respekte konsiy sekirite yo parapò ak inondasyon sitou inondasyon bridsoukou, deboulonnay tè, glisman teren ak move kondisyon lanmè.

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande pou moun pa pran lanmè sou kot Sid peyi a jiska nouvèlòd

En savoir plus:

Ariel Henry invité de Emmanuel Macron à un dîner à l’Élysée

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Pwoteksyon Sivil fè konnen pral gen yon eklips pasyèl sou Ayiti demen samdi a. Pwoteksyon Sivil anonse sou...

Météo

Getting your Trinity Audio player ready... Pou fè fas ak chalè a, Pwoteksyon Sivil konseye popilasyon an pou benyen souvan ak evite konsome bwason...