Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pwoteksyon Sivil anonse ap gen yon eklips pasyèl an Ayiti demen samdi a

Pwoteksyon Sivil anonse ap gen yon eklips pasyèl an Ayiti demen samdi a

Pwoteksyon Sivil fè konnen pral gen yon eklips pasyèl sou Ayiti demen samdi a.

Pwoteksyon Sivil anonse sou kont X li pral gen yon yon eklips pasyèl sou Ayiti demen samdi 14 oktòb la k ap kòmanse a 12: 26 nan laprèmidi epi k ap fini a 3 è 43.

“Demen k ap 14 Oktòb 2023, pral gen yon eklips pasyèl an Ayiti. L ap tanmen bò 12:26 pou l fini jis bò 3:43. Bò 2 zè, se lè sa a pral gen plis pati nan Lalin nan ki kache Solèy la. Sa vle di limyè solèy la pral diminye anpil nan moman sa a, preske tankou lè li pral aswè”, se sa Pwoteksyon Sivil ekri.

Pwoteksyon Sivil te tou pwofite bay konbyen eklips ki genyen. Daprè eksplikasyon li bay, gen 3 tip eklip solèy. Eklips pasyèl, se lè lonbraj Lalin nan pa ale dirèkteman sou Latè ; eklips anilè, se lè Lalin nan pa fin bare wonn la nèt, poutèt li twò lwen li epi eklips total, se lè Lalin nan bare Solèy la nèt .

Dèfwa yo konn rekòmande moun mete linèt ki fèt pou sa pou ka gade eklips la oubyen pa twò fikse.
Yo prevwa pwochen eklips yo 8 avril 2024 nan blòk Amerik di nò epi 2 oktòb 2024 nan Amerik di Sid ak Antaktik.

Pwoteksyon Sivil anonse ap gen yon eklips pasyèl an Ayiti demen samdi a

Dekouvri plis:

Le MENFP ouvrira le chantier de deux écoles nationales dans le département du Sud

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Météo

Pou fè fas ak chalè a, Pwoteksyon Sivil konseye popilasyon an pou benyen souvan ak evite konsome bwason ki gen alkòl. Peyi Dayiti ap...

Aktyalite AN KREYÒL

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande pou moun pa pran lanmè sou kot Sid peyi a jiska nouvèlòd epi pou yo rete veyatif. Nan yon nòt...