Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Pou reziste ak chalè a, Pwoteksyon Sivil konseye popilasyon an benyen souvan

Pou reziste ak chalè a, Pwoteksyon Sivil konseye popilasyon an benyen souvan

Pou fè fas ak chalè a, Pwoteksyon Sivil konseye popilasyon an pou benyen souvan ak evite konsome bwason ki gen alkòl.

Peyi Dayiti ap fè fas ak yon vag chalè ki souvan deranje moun ki gen sante frajil, timoun piti ak granmoun ki malad. Pou evite pwoblèm sa ta ka poze, Biwo Pwoteksyon Sivil sou paj li pibliye kèk konsèy pou yon moun lite kont chalè sa anpil moun kòmanse paka sipòte.

Pou fè fas ak vag chalè sa, Pwoteksyon Sivil envite moun yo benyen dri, bwè pou pi piti 6 jiska 8 va dlo chak jou, evite konsome bwason ki gen alkòl epi konseye yo pa fè twòp jefò fizik ni gwo mouvman.

Pwoteksyon Sivil souliye vag chalè sa koz li se yon kantite pousyè ki soti nan dezè Sahara pandan l ajoute pou l di l ap kontinye pandan semèn sa malgre previzyon yon lòt ond twopikal sou zòn Karayib la.

Se nan 4 kwen peyi a moun ap rele pou chalè a ki pa sispann monte. Sitiyasyon sa deranje anpil moun kote anpil zòn pa gen dlo vrèman pou moun yo sèvi, pa gen kouran pou moun yo ta pase vantilatè lannuit.

Pou reziste ak chalè a, Pwoteksyon Sivil konseye popilasyon an benyen souvan

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce mercredi 12 juillet 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Pwoteksyon Sivil fè konnen pral gen yon eklips pasyèl sou Ayiti demen samdi a. Pwoteksyon Sivil anonse sou kont X li pral gen yon...

Aktyalite AN KREYÒL

Direksyon Pwoteksyon Sivil mande pou moun pa pran lanmè sou kot Sid peyi a jiska nouvèlòd epi pou yo rete veyatif. Nan yon nòt...