Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Enfòmasyon Nou Dwe konnen sou Viza Anbasad Etazini an Ayiti ap Bay Nan Moman

Viza - USA: fin de visas pour ceux inscrits dans des universités en ligne en 2020

Peyi Etazini dispoze bay 500 mil viza maryaj pou tout mond lan. Ayiti pou kont pa l gen 100 mil demann k ap tann dat pou al pase entèvyou nan moman.

Dapre sit entènèt anbasad ameriken an, enstitisyon sila ouvri espesyalman pou sèvi sitwayen ameriken yo epi pou bay sèvis viza men ki trè limite pou sitwayen peyi a kote li ye a. Kriz sante kap ravaje mond lan mete sou pil demann ki pou trete se prensipal rezon ki lakoz li difisil pou Ayisyen jwenn viza nan moman, dapre enfòmasyon Tammy Rae, yon avoka nan domèn imigrasyon, revele emisyon « Bon débat » platfòm Juno7 mèkredi 19 janvye 2022 a.

Ki kategori moun konsila yo bay viza nan moman an?

Dapre eksperyans li ak enfòmasyon li jwenn sou sit entènèt anbasad ameriken an, Tammy Rae fè konnen enstitisyon sila kontinye trete demann viza pèmanan, sa vle di moun k ap vin rete Etazini, pou moun ki te aplike deja. Men pwosesis la pran plis tan akoz pandemi kowonaviris la. « Pa gen menm kantite moun k ap travay nan sèvis la ankò akoz maladi kowonaviris la. Gouvènman ameriken an diminye pèsonèl anbasad la », Tammy Rae revele

Men pou moman, kategori viza yo priyorize se viza pou yon ti bout tan tankou viza etidyan, men tou H2B, viza kote yon antrepriz mande pou yon etranje vin travay pou li. Nan moman, Mèt Rae di li okouran gen antrepriz nan peyi meriken k ap fè demann pou etranje, pami yo Ayisyen, vin travay pou yo. Men li presize gen selman 6 mil 500 viza H2B sèlman ki disponib pou tout mond lan. Lòt fòm viza yo priyorize tretman demann konsène ijans sante. Avoka pran egzanp ka yon jenn gason k ap soufri ak kansè ki gen yon demann y ap trete nan moman pou antre Etazini al pran swen.

Èske yo bay viza touris nan moman ?

Espesyalis la klè sou kesyon sa : « Konsila ameriken an Ayiti pa bay okenn moun viza touris nan moman an ». Men anbasad la ak konsila ap travay pou sila ki bezwen renouvle viza, dapre mèt Rae. Li fè konnen yo dwe ranpli yon fòmilè ki rele DS160, peye frè viza a epi chèche pran yon randevou pou soumèt demann lan pa DHL. « Sa ki rive kounya pa gen menm kantite moun k ap travay nan seksyon sa akoz pandemi kowonaviris la », avoka a eksplike.

Si konsila deside renouvle viza sa, y ap voye l pou moun nan pa DHL e sa kapab pran 4 a 6 semèn. « Men majorite demann renouvèlman yo pa apwouve, yo refize yo, e viza moun sa te genyen an tou anile », mèt Rae di. Lè y ap voye paspò a tounen, yo mete yon fòmilè -221G- ladan kote yo mande pou moun nan retounen vin repase entèvyou pou yo gen plis enfòmasyon sou demann li a.

Ki pwochen dat yon moun ap kapab pran randevou pou demann viza touris?

Pou moman an, otorite migrasyon ameriken an yo dispoze 500 mil viza pou moun ki marye pou tout mond lan. Peyi Ayiti pou kont li gen 100 mil demann viza k ap tann dat pou entèvyou, dapre enfòmasyon Mèt Rae pataje nan emisyon « Bon débat ». Li eksplike si konsila t ap travay kif kif kounya, t ap gen 300 entèvyou chak jou pandan 333 jou san kanpe pou tout demann yo fin trete.

Se pou sa, espesyalis la dekonseye moun al fè demann viza touris epi peye pou tann entèvyou nan moman an paske sa ka pran prèske 20 pou 24 mwa pou rive devan liy lan. « Si e lè konsila pral relouvri, yo dwe trete tout 100 mil demann sa yo ki chita nan tiwa ». Avoka di kilè konsila pral louvri men espere y ap ouvri nan pa twò lontan. Dayè li presize gen moun ki deja depoze demann kap tann jiska 3 lane jis pou yo ale pase entèvyou.

Èske moun ki te peye randevou déjà yo kapab pèdi lajan sa ?

Gen moun ki enkyè pou yo pa pèdi 160 dola ameriken yo te peye pou randevou viza. Sou pwen sa, mèt Rae di responsab konsila yo pwomèt y ap fè tout sa ki depann de yo pou tout moun sa yo jwenn yon dat pou yo pase entèvyou.

Emmanuel P. Pucot 

Viza - USA: fin de visas pour ceux inscrits dans des universités en ligne en 2020

Dekouvri plis:

Un certificat de l’ENP atteste que Morvan n’a pas volé de téléphone à l’académie de police

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Moun ki gen viza touris ak viza dafè kapab chèche travay nan peyi Etazini. Men yon bon nouvèl pou moun ki gen viza touris...

Aktyalite AN KREYÒL

Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza Biznis viza rapòte Repiblik dominikèn...