Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Moun ki gen viza touris ak viza dafè kapab chèche travay Ozetazini

Moun ki gen viza touris ak viza dafè kapab chèche travay Ozetazini.

Moun ki gen viza touris ak viza dafè kapab chèche travay nan peyi Etazini.

Men yon bon nouvèl pou moun ki gen viza touris ak viza dafè ameriken, sa nou rele B-1 ak B-2 yo. Moun sa yo kapab chèche travay lè yo vizite Etazini.

Se Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS), yon biwo ki depann de Depatman Sekirite Enteryè (DHS), ki pataje nouvèl sa sou kont Twitter li jounen mèkredi 22 mas la.

« Anpil moun ap mande si yo kapab chèche yon travay pandan yo sou estati B-1 ak B-2. Repons lan se wi. Chèche travay ak viza B1 osinon B2 otorize », enstitisyon an ekri.

Advertisement. Scroll to continue reading.

Men anvan yon moun demare pwosesis sila, li dwe fè yon demann pou li chanje estati soti nan B1 osinon B2 ale nan estati kote li jwenn otorizasyon pou travay, dapre USCIS. « Nan ka kote moun pa jwenn otorizasyon pour li chanje estati, li dwe kite Etazini epi retounen ak yon viza travay […] », enstitisyon an ajoute.

Pou plis enfòmasyon, konsilte lyen sila : https://www.uscis.gov/working-in-the-united-states/information-for-employers-and-employees/options-for-nonimmigrant-workers-following-termination-of-employment.

Moun ki gen viza touris ak viza dafè kapab chèche travay Ozetazini.

Dekouvri plis:

Ariel Henry a offert un cocktail en l’honneur de Helen La Lime en fin de mission en Haïti

Advertisement. Scroll to continue reading.
2 Comments

2 Comments

  1. Pingback: Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 25 Mars 2023 – Ayiti411.com

  2. Nerva

    25 mars 2023 at 22h39

    [email protected]

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

 De octobre 2022 à date, 44 personnes ont été soumises à des restrictions de visa depuis les Etats-Unis ont décidé de prendre des mesures...

Aktyalite AN KREYÒL

 Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza Biznis viza rapòte Repiblik dominikèn...

Aktyalite AN KREYÒL

 Peyi Etazini dispoze bay 500 mil viza maryaj pou tout mond lan. Ayiti pou kont pa l gen 100 mil demann k ap tann...

Actualités

 Le département d’État américain annonce la reprise progressive des services de visa courants pour voyager aux États-Unis. Le bureau des affaires consulaires du département...

%d blogueurs aiment cette page :