Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza

Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza

Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza

Biznis viza rapòte Repiblik dominikèn gwo kantite lajan ann Ayiti. Sòti lane 2015 pou rive 2022, konsila peyi sa an Ayiti sanble 64 milyon 212 mil 645 dola ameriken. Sa ki reprezante 75 pousan lajan tout misyon diplomatik li yo nan mond lan rapòte sou peryòd sa.

Nan yon repòtaj ki pibliye nan jounal Listin Diario nan dat 28 novanm nan, jounalis Carolina Pichardo ak Milo Milfort pote limyè sou gwo komès viza k ap fèt ant Ayiti ak Repiblik dominikèn. Biznis sa rapòte peyi vwazen an gwo lajan, dapre atik sa.

Se konsa, soti 2015 pou rive premye semès 2022, sou 85 milyon 749 mil 330 dola ki rantre nan kès leta dominiken, konsila dominiken an Ayiti yo rapòte 64 milyon 212 mil 645 dola. Sa ki reprezante 75 pousan total lajan tout konsila dominiken yo ranmase nan tout mond lan, si nou kwè chif atik sa a rapòte.

Pandan peryòd sa, 89 pousan nan 818 mil 885 viza misyon konsilè dominikèn yo bay, se Ayisyen ki resevwa yo. Se ministè zafè etranjè dominiken ki bay chif sa yo, dapre Carolina Pichardo ak Milo Milfort.

Soti 2020 pou rive 2021, atik la soulinye gen yon ogmantasyon 40 pousan nan bay viza dominiken ak Ayisyen. Pou eksplike ogmantasyon sila, jounalis kwè sa gen pou wè prensipalman ak dezespwa ki anpare Ayisyen ki vle kite peyi a kout ke kout.

Li difisil pou detèmine pri egzat viza dominiken

Jounen jodi a, yon moun ki swete jwenn yon viza dominiken dwe debouse soti 500 pou 700 dola ameriken. Nan lane 2021, dokiman sa te koute anviwon 400 dola vèt alòske afich ki nan konsila dominiken an Ayiti yo ak piblikasyon ki fèt sou rezo sosyo yo fè konnen pri an varye soti 175 pou timoun pou rive 225 dola pou granmoun, dapre Listin Diario.

Dapre jounal dominiken an, li pa fasil pou rive konnen konbyen chak viza koute ofisyèlman. Dapre chif ofisyèl ministè zafè etranjè, gen diferans ant pri diferan viza dominiken yo, jounal la fè remake.

« Rezolisyon kounya 2-07 ministè sila, fè konnen li ta dwe soti 40 pou rive 60 dola, selon tip lan. Men enfòmasyon menm enstans lan founi, aprè yon demand nan kad repòtaj sa, fè konnen, viza yo koute 70, 80, 85 e 90 dola, tou an fonksyon de kategori an », nou li nan atik sa.

Konsila dominiken an Ayiti ranmase plis pase 64 milyon dola vèt soti 2015 pou rive 2022 nan bay viza

Dekouvri plis:

La PNH déjoue une tentative de kidnapping et interpelle un présumé kidnappeur dans deux opérations séparées

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Moun ki gen viza touris ak viza dafè kapab chèche travay nan peyi Etazini. Men yon bon nouvèl pou moun ki gen viza touris...

Aktyalite AN KREYÒL

Peyi Etazini dispoze bay 500 mil viza maryaj pou tout mond lan. Ayiti pou kont pa l gen 100 mil demann k ap tann...