Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini : otorite yo nan Utah ankouraje sitwayen yo manje krapo

Etazini : otorite yo nan Utah ankouraje sitwayen yo manje krapo

Etazini : otorite yo nan Utah ankouraje sitwayen yo manje espès ki rele « grenouille taureau » a.

Pou goumen kont envazyon « grenouille taureau » Ozetazini nan Utah, otorite yo nan eta sila vle itilize yon metòd ki ka siprann anpil moun. Yo ankouraje sitwayen manje espès krapo sila.

Nan okazyon semèn nasyonal pou sanbilize sou bèt k ap anvayi teritwa, Depatman Resous Natirèl nan Utah Ozetazini, nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal Twitter, te pwofite mande popilasyon an kenbe kantite « grenouille taureau » yo kapab pou goumen kont prezans espès sa.

Responsab yo ale pi lwen toujou kote yo mande pou sitwayen manje bèt sa, ki byen « gou » dapre sa yo di. Yo tou pwofite mete lyen ki montre kijan pou moun kenbe epi kwit « grenouille taureau » a nan menm tweet la.

Since it’s National Invasive Species Awareness Week (#NISAW) it’s a good time to remind you that bullfrogs are invasive to #Utah, so you can catch as many as you want. And bonus : they’re tasty. See the @UtahDWR blog for catching & cooking tips : bit.ly/3Gri8Gf

 

« Grenouille taureau » se yon espès « amphibien » [bèt ki viv nan dlo ak sou tè] ki mezire ant 111 e 178 milimèt pou mal, 120 e 183 pou femèl e ki fè bri tankou towo bèf. Li peze jiska 600 gram, dapre Inventaire national du patrimoine naturel (INPN), yon enstitisyon nan peyi Lafrans. Li kapab viv 8-9 lane e femèl la ka ponn ant 1000 pou rive 20 000 ze youn oubyen 2 fwa sou yon ane.

Si nou kwè enfòmasyon sit consoglobe.com pibliye nan yon atik en 2021, manje « grenouille taureau » gen risk ladan paske li gen sibstans ki anpwazonnen moun. Men gen posiblite pou evite pwoblèm sa si moun k ap kwit bèt la pran prekosyon sa mande.

Etazini : otorite yo nan Utah ankouraje sitwayen yo manje krapo

En savoir plus:

Kidnapping: arrestation de Fredler GAY et David JOSEPH, bras droit de Vitelhomme INNOCENT

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: yon avyon konpayi American Airlines pran dife aprè l fin frape ak yon zwazo. Aprè yon zwazo rantre an kolizyon ak li, yon...

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: yon lekòl elemantè deside aprann timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an. Rolling Green Elementary School se non lekòl sa ki chita...

États-Unis

Komisyon ki ap jere zafè etranje nan chanm sena peyi Etazini an te òganize yon vòt preliminè nan dat jedi 26 oktòb 2017 la,...